Travay 16:15-40

Travay 16:15-40 1998 Haïtienne (HAT98)

Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li. Yon jou nou ta pral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: — Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n pran pou n ka jwenn delivrans. Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: — Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, sòti sou fi a. Menm lè a, lespri a sòti sou li. Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo. Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: — Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye. Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo. Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. Lè l resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l mete pye yo nan sèp. Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l, li ta pral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. Men, Pòl kriye byen fò: — Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo sòti, li mande yo: — Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre? Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l konnen pawòl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l ansanm ak tout fanmi li. Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l paske kounyeya yo te kwè nan Bondye. Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: — Lage mesye yo. Chèf prizon an ale di Pòl: — Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt sòti kounyeya. Ale ak kè poze. Men, Pòl di gad yo konsa: — Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Kounyeya yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò. Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo sòti pè. Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la. Lè apòt yo sòti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y ale.

Travay 16:15-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Elle reçoit le baptême avec toute sa famille puis elle nous invite en disant : « Si vous pensez que je crois vraiment au Seigneur, venez habiter chez moi ! » Et elle nous oblige à accepter. Un jour, nous allons au lieu de prière. Une servante vient à notre rencontre, il y a en elle un esprit qui lui permet de dire l’avenir. Elle raconte aux gens ce qui va leur arriver. De cette façon, ses maîtres gagnent beaucoup d’argent. Elle se met à nous suivre, Paul et nous, en criant : « Ces hommes sont les serviteurs du Dieu très-haut ! Ils vous montrent le chemin pour être sauvés. » La servante fait cela pendant plusieurs jours. À la fin, Paul se met en colère, il se retourne et commande à l’esprit : « Au nom de Jésus-Christ, sors de cette femme ! » Et l’esprit sort tout de suite. Les maîtres de la servante voient qu’ils ne peuvent plus se servir d’elle pour gagner de l’argent. Alors ils arrêtent Paul et Silas et ils les traînent sur la place de la ville, devant les autorités. Ils les amènent aux juges romains en disant : « Ces hommes font de l’agitation dans notre ville. Ils sont juifs et ils enseignent de nouvelles coutumes. Mais nous, les Romains, nous n’avons pas le droit de les accepter ni de les suivre. » La foule se met en colère contre Paul et Silas. Les juges romains font arracher les vêtements des deux hommes et ils commandent qu’on les frappe à coups de fouet. Quand on les a bien frappés, on les jette en prison et on commande au gardien de les surveiller avec soin. Dès que le gardien reçoit cet ordre, il les met au fond de la prison et il fixe leurs pieds dans des blocs de bois. Vers minuit, Paul et Silas sont en train de prier et de chanter la louange de Dieu. Les autres prisonniers les écoutent. Tout à coup, il y a un violent tremblement de terre. Les murs de la prison se mettent à bouger, aussitôt, toutes les portes s’ouvrent et les chaînes de tous les prisonniers tombent. Le gardien se réveille, il voit que les portes de la prison sont ouvertes, alors il prend son arme et veut se tuer. En effet, il pense que les prisonniers se sont échappés. Mais Paul crie de toutes ses forces : « Ne te fais pas de mal ! Nous sommes tous là ! » Le gardien demande de la lumière. Il se précipite à l’intérieur de la cellule, il tremble de peur et se jette aux pieds de Paul et de Silas. Ensuite, il les fait sortir et leur demande : « Messieurs, qu’est-ce que je dois faire pour être sauvé ? » Ils lui répondent : « Crois au Seigneur Jésus, alors tu seras sauvé, toi et ta famille. » Ils lui annoncent la parole du Seigneur, à lui et à tous ceux qui vivent dans sa maison. Au même moment, en pleine nuit, le gardien emmène Paul et Silas et lave leurs blessures. Aussitôt, il reçoit le baptême, lui et toute sa famille. Il fait monter Paul et Silas dans sa maison et leur offre à manger. Avec toute sa famille, il est rempli de joie, parce qu’il a cru en Dieu. Quand il fait jour, les juges romains envoient des gardes pour dire au gardien : « Libère ces hommes ! » Le gardien vient annoncer à Paul : « Les juges m’ont commandé de vous libérer. Vous pouvez donc sortir et aller en paix ! » Mais Paul dit aux gardes : « Ils ne nous ont pas jugés et ils nous ont fait battre à coups de fouet devant tout le monde ! Pourtant, nous sommes citoyens romains ! Ensuite, ils nous ont jetés en prison, et maintenant, ils veulent nous faire sortir en secret ? Eh bien non, ils doivent venir eux-mêmes nous libérer ! » Les gardes vont raconter tout cela aux juges romains. Les juges ont peur en apprenant que Paul et Silas sont citoyens romains. Ils viennent s’excuser, puis ils les font sortir de prison et leur demandent de quitter la ville. Paul et Silas sortent de prison et vont chez Lydie. Ils rencontrent les frères et sœurs chrétiens, ils les encouragent et ils partent.

Travay 16:15-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li. Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan. Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.” Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li. Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo. Yo mennen Pòl ak Silas devan majistra Women yo, epi yo di: “Mesye sa yo se yon kolonn Jwif ki vin ap kreye dezòd nan vil nou an. Y ap plede montre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt nou fè, paske nou menm se Women nou ye.” Tout foul la nèt te vire kont Pòl ak Silas. Konsa, Chèf Women yo chire rad sou Pòl ak Silas epi yo bay lòd pou yo bat yo byen bat ak fwèt. Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen. Fini l fin resevwa lòd la, chèf prizon an mete Pòl ak Silas nan yon kacho ki jouk nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan yon sèp an bwa. Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute. Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase. Lè chèf prizon an reveye, li wè tout pòt prizon yo louvri. Li rale nepe l pou l te touye tèt li, paske l te panse prizonye yo te gentan sove. Men, Pòl rele byen fò: “Pa fè tèt ou mal, nou tout la!” Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Apre sa, li fè yo soti nan kacho a epi li mande: “Mesye, kisa m dwe fè pou m sove?” Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.” Epi Pòl ak Silas anonse chèf prizon an Bòn Nouvèl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun lakay li. Nan mitan lannuit la menm, chèf prizon an pran Pòl ak Silas, li netwaye kote yo te blese yo. Apre sa, Pòl ak Silas batize chèf prizon an ansanm ak tout fanmi li. Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a. Nan maten, chèf Women yo voye kèk sòlda vin di chèf prizon an pou l lage mesye yo. Lè sa a, chèf prizon an di Pòl: “chèf Women yo voye sòlda sa yo vin lage nou. Nou lib pou n ale kounye a. Ale an pè.” Men, Pòl di sòlda yo: “Majistra sa yo pa t jwenn okenn prèv kont nou pou kondane nou, malgre sa, yo fè bat nou kon sa devan piblik la epi yo fèmen nou nan prizon, epi se sitwayen Women nou ye. Kounye a yo vle lage nou ankachèt. Non, sa p ap pase. Se yo menm menm ki pou vini an pèson, pou vin lage nou.” Sòlda yo al rapòte sa Pòl te di a bay majistra yo. Lè chèf yo tande Pòl ak Silas se sitwayen Women, yon sèl laperèz pran yo. Yo vin prezante eskiz yo bay Pòl ak Silas. Yo lage yo epi yo mande yo pou yo kite vil la. Men, lè Pòl ak Silas soti nan prizon an, y ale tou dwat lakay Lidi. Yo wè kèk nan kwayan yo lakay Lidi a. Yo ankouraje kwayan yo, apre sa yo kite vil la.

Travay 16:15-40 New International Version (NIV)

When she and the members of her household were baptized, she invited us to her home. “If you consider me a believer in the Lord,” she said, “come and stay at my house.” And she persuaded us. Once when we were going to the place of prayer, we were met by a female slave who had a spirit by which she predicted the future. She earned a great deal of money for her owners by fortune-telling. She followed Paul and the rest of us, shouting, “These men are servants of the Most High God, who are telling you the way to be saved.” She kept this up for many days. Finally Paul became so annoyed that he turned around and said to the spirit, “In the name of Jesus Christ I command you to come out of her!” At that moment the spirit left her. When her owners realized that their hope of making money was gone, they seized Paul and Silas and dragged them into the marketplace to face the authorities. They brought them before the magistrates and said, “These men are Jews, and are throwing our city into an uproar by advocating customs unlawful for us Romans to accept or practice.” The crowd joined in the attack against Paul and Silas, and the magistrates ordered them to be stripped and beaten with rods. After they had been severely flogged, they were thrown into prison, and the jailer was commanded to guard them carefully. When he received these orders, he put them in the inner cell and fastened their feet in the stocks. About midnight Paul and Silas were praying and singing hymns to God, and the other prisoners were listening to them. Suddenly there was such a violent earthquake that the foundations of the prison were shaken. At once all the prison doors flew open, and everyone’s chains came loose. The jailer woke up, and when he saw the prison doors open, he drew his sword and was about to kill himself because he thought the prisoners had escaped. But Paul shouted, “Don’t harm yourself! We are all here!” The jailer called for lights, rushed in and fell trembling before Paul and Silas. He then brought them out and asked, “Sirs, what must I do to be saved?” They replied, “Believe in the Lord Jesus, and you will be saved—you and your household.” Then they spoke the word of the Lord to him and to all the others in his house. At that hour of the night the jailer took them and washed their wounds; then immediately he and all his household were baptized. The jailer brought them into his house and set a meal before them; he was filled with joy because he had come to believe in God—he and his whole household. When it was daylight, the magistrates sent their officers to the jailer with the order: “Release those men.” The jailer told Paul, “The magistrates have ordered that you and Silas be released. Now you can leave. Go in peace.” But Paul said to the officers: “They beat us publicly without a trial, even though we are Roman citizens, and threw us into prison. And now do they want to get rid of us quietly? No! Let them come themselves and escort us out.” The officers reported this to the magistrates, and when they heard that Paul and Silas were Roman citizens, they were alarmed. They came to appease them and escorted them from the prison, requesting them to leave the city. After Paul and Silas came out of the prison, they went to Lydia’s house, where they met with the brothers and sisters and encouraged them. Then they left.

Travay 16:15-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Elle fut baptisée avec sa famille et ceux qui en dépendaient, puis elle nous invita en disant : Puisque vous avez jugé que j’ai foi au Seigneur, venez loger chez moi. Et, avec insistance, elle nous pressa d’accepter. Un jour que nous nous rendions au lieu de prière, une esclave vint à notre rencontre. Elle avait en elle un esprit de divination, et ses prédictions procuraient de grands revenus à ses maîtres. Elle se mit à nous suivre, Paul et nous, en criant à tue-tête : Ces hommes-là sont des serviteurs du Dieu très-haut : ils viennent vous annoncer comment être sauvés ! Elle fit cela plusieurs jours de suite. A la fin, Paul, excédé, se retourna et dit à l’esprit : Je t’ordonne, au nom de Jésus-Christ, de sortir de cette femme ! A l’instant même, il la quitta. Lorsque les maîtres de l’esclave s’aperçurent que leurs espoirs de gains s’étaient évanouis, ils se saisirent de Paul et de Silas et les traînèrent sur la grand-place de la ville devant les autorités. Ils les présentèrent aux magistrats romains et portèrent plainte contre eux en ces termes : Ces gens-là sont des Juifs qui jettent le trouble dans notre ville. Ils cherchent à introduire ici des coutumes que nous, qui sommes Romains, n’avons le droit ni d’accepter, ni de pratiquer ! La foule se souleva contre eux. Alors, les magistrats leur firent arracher les vêtements et ordonnèrent qu’on les batte à coups de bâton. On les roua de coups et on les jeta en prison. Le gardien reçut l’ordre de les surveiller de près. Pour se conformer à la consigne, il les enferma dans le cachot le plus reculé et leur attacha les pieds dans des blocs de bois. Vers le milieu de la nuit, Paul et Silas priaient et chantaient les louanges de Dieu. Les autres prisonniers les écoutaient. Tout à coup, un violent tremblement de terre secoua la prison jusque dans ses fondations. Toutes les portes s’ouvrirent à l’instant même et les chaînes de tous les prisonniers se détachèrent. Le gardien se réveilla en sursaut et vit les portes de la prison grand ouvertes : alors il tira son épée et allait se tuer, car il croyait que ses prisonniers s’étaient enfuis. Mais Paul lui cria de toutes ses forces : Arrête ! Ne te fais pas de mal, nous sommes tous là. Le gardien demanda des torches, se précipita dans le cachot et, tremblant de peur, se jeta aux pieds de Paul et de Silas. Puis il les fit sortir et leur demanda : Messieurs, que dois-je faire pour être sauvé  ? – Crois au Seigneur Jésus, lui répondirent-ils, et tu seras sauvé ; il en est de même pour toi et pour les tiens. Et ils lui annoncèrent la Parole de Dieu, à lui et à tous ceux qui vivaient dans sa maison. A l’heure même, en pleine nuit, le gardien les prit avec lui et lava leurs blessures. Il fut baptisé aussitôt après, lui et tous les siens. Puis il fit monter Paul et Silas dans sa maison, leur offrit un repas, et se réjouit, avec toute sa famille, d’avoir cru en Dieu. Quand il fit jour, les magistrats envoyèrent les huissiers à la prison pour faire dire au gardien : Relâche ces hommes ! Celui-ci courut annoncer la nouvelle à Paul : Les magistrats m’ont donné ordre de vous remettre en liberté. Vous pouvez donc sortir maintenant et aller en paix. Mais Paul dit aux huissiers : Comment ! Ils nous ont fait fouetter en public, sans jugement régulier, alors que nous sommes citoyens romains, puis ils nous ont jetés en prison. Et maintenant, ils voudraient se débarrasser de nous en cachette. Il n’en est pas question ! Qu’ils viennent eux-mêmes nous remettre en liberté. Les huissiers rapportèrent ces paroles aux magistrats. Ceux-ci, en apprenant qu’ils avaient affaire à des citoyens romains, furent pris de peur. Ils vinrent en personne leur présenter des excuses, leur rendirent la liberté et leur demandèrent de bien vouloir quitter la ville. A leur sortie de prison, Paul et Silas se rendirent chez Lydie, où ils retrouvèrent tous les frères, ils les encouragèrent, puis ils reprirent la route.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an