Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: — Frè m yo, koute mwen. Simon fenk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la: Apre sa, m'a retounen. (Se Bondye k'ap pale.) M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò. Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen. Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan.
Li Travay 15
Koute Travay 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 15:13-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo