Travay 15:1-35

Travay 15:1-35 HAT98

Kèk mesye sòti nan peyi Jide rive lavil Antyòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: — Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l la. Pòl ak Banabas pat dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antyòch moute Jerizalèm pou regle kèsyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Fenisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li. Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: — Se pou n sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou. Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen kèsyon an. Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: — Frè m yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m nan nou tout pou m anonse bòn nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l pou yo rive kwè nan Bondye. Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l pou nou an. Li pat fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li. Poukisa koulyeya n'ap chache teste Bondye konsa lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa te ka pote? Okontrè, n'ap repete li ankò: Se favè Jezikri fè nou kifè nou sove, menm jan li fè yo favè a tou. Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: — Frè m yo, koute mwen. Simon fenk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la: Apre sa, m'a retounen. (Se Bondye k'ap pale.) M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò. Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen. Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan. — Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l pou yo nan sinagòg yo. Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. Yo te ba yo lèt sa a pote ale: — Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. Nou te vin konnen te gen moun ki sòti bò isit la al lakay nou. Yo pat manke boulvèse nou, yo pat manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pat ba yo okenn lòd konsa. Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Senyè nou an. Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesay la ak pwòp bouch yo. Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan kèsyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sàn dwe mete. Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou! Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antyòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. Yo pase kèk tan nan lavil Antyòch. Apre sa, frè yo swete yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. [ Men, Silas te pran desizyon pou l te rete.] Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antyòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Senyè a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an