Travay 15:1-35

Travay 15:1-35 1998 Haïtienne (HAT98)

Kèk mesye sòti nan peyi Jide rive lavil Antyòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: — Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l la. Pòl ak Banabas pat dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antyòch moute Jerizalèm pou regle kèsyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Fenisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li. Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: — Se pou n sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou. Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen kèsyon an. Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: — Frè m yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m nan nou tout pou m anonse bòn nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l pou yo rive kwè nan Bondye. Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l pou nou an. Li pat fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li. Poukisa koulyeya n'ap chache teste Bondye konsa lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa te ka pote? Okontrè, n'ap repete li ankò: Se favè Jezikri fè nou kifè nou sove, menm jan li fè yo favè a tou. Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: — Frè m yo, koute mwen. Simon fenk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la: Apre sa, m'a retounen. (Se Bondye k'ap pale.) M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò. Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen. Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan. — Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l pou yo nan sinagòg yo. Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. Yo te ba yo lèt sa a pote ale: — Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. Nou te vin konnen te gen moun ki sòti bò isit la al lakay nou. Yo pat manke boulvèse nou, yo pat manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pat ba yo okenn lòd konsa. Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Senyè nou an. Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesay la ak pwòp bouch yo. Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan kèsyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sàn dwe mete. Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou! Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antyòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. Yo pase kèk tan nan lavil Antyòch. Apre sa, frè yo swete yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. [ Men, Silas te pran desizyon pou l te rete.] Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antyòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Senyè a.

Travay 15:1-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quelques hommes de Judée viennent à Antioche de Syrie. Voici ce qu’ils enseignent aux frères : « Vous devez vous faire circoncire, comme la loi de Moïse le commande, sinon vous ne pouvez pas être sauvés. » Paul et Barnabas ne sont pas d’accord avec ces hommes et ils discutent vivement avec eux. Alors on décide ceci : Paul, Barnabas et quelques autres vont aller à Jérusalem. Ils parleront de cette affaire avec les apôtres et les anciens. Donc, l’Église d’Antioche leur donne ce qu’il faut pour le voyage. Ils traversent la Phénicie et la Samarie, ils racontent comment ceux qui ne sont pas juifs se sont tournés vers le Seigneur. Et cela donne une grande joie à tous les croyants. Les envoyés arrivent à Jérusalem. Ils sont reçus par l’Église, les apôtres et les anciens, et ils leur racontent tout ce que Dieu a fait avec eux. Mais quelques Pharisiens qui sont devenus croyants se mettent à dire : « Il faut circoncire les croyants qui ne sont pas juifs et leur commander d’obéir à la loi de Moïse. » Les apôtres et les anciens se réunissent pour examiner cette affaire. Ils discutent beaucoup, alors Pierre prend la parole et dit : « Frères, vous le savez, Dieu m’a choisi parmi vous depuis longtemps, pour que j’annonce la Bonne Nouvelle aux non-Juifs. Ainsi, ils l’entendront et deviendront croyants. Dieu connaît le cœur des gens. Il a montré qu’il accueillait ceux qui ne sont pas juifs. En effet, il leur a donné l’Esprit Saint comme à nous. Dieu n’a pas fait de différence entre eux et nous. Il a rendu leur cœur pur parce qu’ils ont cru. Donc, maintenant, pourquoi est-ce que vous voulez provoquer Dieu ? Vous voulez mettre sur les épaules des disciples un poids que nos ancêtres n’ont pas pu porter, et nous non plus ! Au contraire, nous sommes sauvés par l’amour du Seigneur Jésus, exactement comme eux ! Voilà ce que nous croyons. » Tous ceux qui sont réunis là se taisent. Ensuite, on écoute Barnabas et Paul, ils racontent toutes les choses étonnantes et extraordinaires que Dieu a faites par eux chez ceux qui ne sont pas juifs. Quand ils ont fini, Jacques se met à dire : « Frères, écoutez-moi. Simon vient de nous expliquer une chose : depuis le commencement, Dieu a décidé de choisir parmi ceux qui ne sont pas juifs un peuple qui lui appartienne. Et les paroles des prophètes sont en accord avec cela. En effet, dans les Livres Saints on lit : “Le Seigneur dit : Plus tard, je reviendrai. Je reconstruirai la maison de David qui est tombée. Je rebâtirai sa maison détruite et je la remettrai debout. Alors, les autres habitants du monde chercheront le Seigneur, oui, tous les peuples que j’ai appelés pour être à moi. Voilà ce que le Seigneur dit. Il a fait connaître ces choses-là depuis très longtemps.” » Jacques dit encore : « Donc, voici ce que je pense : il ne faut pas faire trop de difficultés à ceux qui ne sont pas juifs et qui se tournent vers le Seigneur. Mais il faut leur écrire ceci : “Ne mangez pas la viande qu’on a offerte aux faux dieux, elle est impure. Respectez les lois du mariage. Ne mangez pas de viande qui contient encore du sang.” En effet, depuis longtemps déjà, des gens annoncent la loi de Moïse dans chaque ville, et, à chaque sabbat, on la lit dans les maisons de prière. » Alors les apôtres et les anciens, avec toute l’Église, décident de choisir parmi eux des délégués. Ils vont les envoyer à Antioche de Syrie avec Paul et Barnabas. Ils choisissent Jude, appelé aussi Barsabbas, et Silas, des hommes qui ont de l’autorité parmi les frères. Ils leur confient cette lettre : « Les apôtres et les anciens saluent les croyants qui ne sont pas juifs et qui vivent à Antioche et dans les provinces de Syrie et de Cilicie. Nous avons appris ceci : Des gens de chez nous sont venus vous troubler et vous inquiéter par leurs paroles, mais nous ne leur avions pas demandé de le faire. C’est pourquoi nous avons décidé tous ensemble de choisir des délégués et de vous les envoyer. Ils accompagnent nos chers amis Barnabas et Paul, qui ont livré leur vie au service de notre Seigneur Jésus-Christ. Donc, nous vous envoyons Jude et Silas, ils vont vous dire directement ce que nous vous écrivons dans cette lettre. En effet, l’Esprit Saint et nous-mêmes avons décidé de ne pas vous charger davantage. Mais vous devez obéir aux commandements suivants, qui sont obligatoires : Ne mangez pas la viande qu’on a offerte aux faux dieux, elle est impure. Ne mangez pas de viande qui contient encore du sang. Respectez les lois du mariage . Si vous obéissez à cela, vous agirez très bien. Nous vous saluons fraternellement. » On laisse partir Paul, Barnabas, Jude et Silas. Ils vont à Antioche de Syrie. Là, ils réunissent le groupe des croyants et ils leur donnent la lettre. On en fait la lecture, et tous sont remplis de joie parce qu’elle les encourage. Jude et Silas, qui sont prophètes, parlent beaucoup aux croyants pour les encourager et les rendre plus forts. Ils restent un certain temps à Antioche de Syrie. Ensuite, les croyants les laissent partir en leur souhaitant bon voyage. Jude et Silas retournent vers ceux qui les ont envoyés. [] Paul et Barnabas restent à Antioche. Avec beaucoup d’autres, ils enseignent et annoncent la parole du Seigneur.

Travay 15:1-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.” Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo. Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo. Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.” Apot yo ak lidè yo menm te rasanble pou yo etidye kesyon an. Apre yo fin pase yon bon tan ap egzamine kesyon an, Pyè kanpe, li di yo: “Frè m yo, m konnen nou konnen byen kisa k te pase depi lontan. Nou konnen Bondye te chwazi m pami nou pou m anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa Jwif yo. Se nan bouch mwen menm yo te tande Bòn Nouvèl la epi yo te kwè nan Bondye. Bondye konnen tout sa k nan kè moun, epi li menm li aksepte moun ki pa Jwif yo. Li montre nou li aksepte yo nan ba yo Sentespri a menm jan li te ban nou l lan. Pa gen okenn diferans ant nou menm ak moun ki pa Jwif yo devan Bondye, paske li pirifye kè yo lè yo mete konfyans yo nan Kris. Si se konsa, kounye a pou kisa nou vle mete sou do yo fado ni zansèt nou yo, ni nou menm pa ka pote a? Èske nou gen entansyon fè Bondye fache? Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.” Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo. Lè Banabas ak Pòl fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, koute m! Simon Pyè gentan di nou kijan Bondye te montre amou li anvè moun ki pa Jwif yo, depi lontan, pou l chwazi pami yo yon pèp ki pote non li. Pawòl pwofèt yo dakò ak sa m di a tou, paske men sa ki ekri: M ap gen pou m retounen apre sa. M ap rebati kay David la. Ki fin tonbe. M ap repare tout kote nan kay la ki kraze. M ap rekanpe kay la tou nèf ankò. Konsa, tout lòt moun yo nan lemonn, tout moun lòt nasyon mwen chwazi pou pote non m yo, yo va deside swiv chemen Bondye. Se Senyè a ki di sa. Se li menm tou ki fè tout bagay sa yo. Tout bagay sa yo, se bagay nou konnen depi byen lontan. Kidonk, m panse nou pa fèt pou n konplike bagay yo pou moun lòt nasyon yo, lè yo tounen vin jwenn Bondye. Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san. Paske depi lontan gen moun k ap anseye lalwa Moyiz la nan tout vil yo. Chak jou saba, yo li lalwa a nan sinagòg yo.” Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil. Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi. Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa. Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl. De mesye sa yo ki gentan livre lavi yo pou yo sèvi Jezikris, Senyè nou an. Nou chwazi voye Jid ak Silas ak yo. Menm mesaj nou ekri voye ban nou an, mesye sa yo va di nou l nan bouch. Nou konprann se ve Sentespri a, epi se ve pa nou tou, pou nou pa mete okenn lòt fado sou do nou, eksepte sa k vrèman nesesè. Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou! Se konsa, Pòl, Banabas, Jid ansanm ak Silas kite Jerizalèm y ale Antyòch. Lè yo rive la, yo rasanble tout kwayan yo ansanm epi yo ba yo lèt la. Lè kwayan yo fin li lèt la, yo pa t manke kontan, paske yon lèt kon sa te ankouraje yo anpil. Jid ak Silas, ki te pwofèt tou, te pase bon tan ap preche kwayan yo pou rekonfòte yo ak pou fè lafwa yo vin pi solid. Jid ak Silas te rete Antyòch pou yon ti tan, epi yo pati. Kwayan yo te swete yo yo bon vwayaj, epi yo retounen al jwenn moun ki te voye yo a. Men Pòl ak Banabas te rete Antyòch. Yo menm ansanm ak anpil lòt te anseye kwayan yo epi yo preche anpil moun mesaj Bòn Nouvèl Senyè a.

Travay 15:1-35 New International Version (NIV)

Certain people came down from Judea to Antioch and were teaching the believers: “Unless you are circumcised, according to the custom taught by Moses, you cannot be saved.” This brought Paul and Barnabas into sharp dispute and debate with them. So Paul and Barnabas were appointed, along with some other believers, to go up to Jerusalem to see the apostles and elders about this question. The church sent them on their way, and as they traveled through Phoenicia and Samaria, they told how the Gentiles had been converted. This news made all the believers very glad. When they came to Jerusalem, they were welcomed by the church and the apostles and elders, to whom they reported everything God had done through them. Then some of the believers who belonged to the party of the Pharisees stood up and said, “The Gentiles must be circumcised and required to keep the law of Moses.” The apostles and elders met to consider this question. After much discussion, Peter got up and addressed them: “Brothers, you know that some time ago God made a choice among you that the Gentiles might hear from my lips the message of the gospel and believe. God, who knows the heart, showed that he accepted them by giving the Holy Spirit to them, just as he did to us. He did not discriminate between us and them, for he purified their hearts by faith. Now then, why do you try to test God by putting on the necks of Gentiles a yoke that neither we nor our ancestors have been able to bear? No! We believe it is through the grace of our Lord Jesus that we are saved, just as they are.” The whole assembly became silent as they listened to Barnabas and Paul telling about the signs and wonders God had done among the Gentiles through them. When they finished, James spoke up. “Brothers,” he said, “listen to me. Simon has described to us how God first intervened to choose a people for his name from the Gentiles. The words of the prophets are in agreement with this, as it is written: “ ‘After this I will return and rebuild David’s fallen tent. Its ruins I will rebuild, and I will restore it, that the rest of mankind may seek the Lord, even all the Gentiles who bear my name, says the Lord, who does these things’— things known from long ago. “It is my judgment, therefore, that we should not make it difficult for the Gentiles who are turning to God. Instead we should write to them, telling them to abstain from food polluted by idols, from sexual immorality, from the meat of strangled animals and from blood. For the law of Moses has been preached in every city from the earliest times and is read in the synagogues on every Sabbath.” Then the apostles and elders, with the whole church, decided to choose some of their own men and send them to Antioch with Paul and Barnabas. They chose Judas (called Barsabbas) and Silas, men who were leaders among the believers. With them they sent the following letter: The apostles and elders, your brothers, To the Gentile believers in Antioch, Syria and Cilicia: Greetings. We have heard that some went out from us without our authorization and disturbed you, troubling your minds by what they said. So we all agreed to choose some men and send them to you with our dear friends Barnabas and Paul— men who have risked their lives for the name of our Lord Jesus Christ. Therefore we are sending Judas and Silas to confirm by word of mouth what we are writing. It seemed good to the Holy Spirit and to us not to burden you with anything beyond the following requirements: You are to abstain from food sacrificed to idols, from blood, from the meat of strangled animals and from sexual immorality. You will do well to avoid these things. Farewell. So the men were sent off and went down to Antioch, where they gathered the church together and delivered the letter. The people read it and were glad for its encouraging message. Judas and Silas, who themselves were prophets, said much to encourage and strengthen the believers. After spending some time there, they were sent off by the believers with the blessing of peace to return to those who had sent them. But Paul and Barnabas remained in Antioch, where they and many others taught and preached the word of the Lord.

Travay 15:1-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quelques hommes venus de Judée arrivèrent à Antioche. Ils enseignaient les frères, en disant : Si vous ne vous faites pas circoncire comme Moïse l’a prescrit, vous ne pouvez pas être sauvés. Il en résulta un conflit et de vives discussions avec Paul et Barnabas. Finalement, il fut décidé que Paul et Barnabas monteraient à Jérusalem avec quelques autres frères pour parler de ce problème avec les apôtres et les responsables de l’Eglise. L’Eglise pourvut à leur voyage. Ils traversèrent la Phénicie et la Samarie, racontant comment les non-Juifs se tournaient vers Dieu. Et tous les frères en eurent beaucoup de joie. A leur arrivée à Jérusalem, ils furent accueillis par l’Eglise, les apôtres et les responsables ; ils leur rapportèrent tout ce que Dieu avait fait avec eux. Mais quelques anciens membres du parti des pharisiens qui étaient devenus des croyants intervinrent pour soutenir qu’il fallait absolument circoncire les non-Juifs et leur ordonner d’observer la Loi de Moïse. Les apôtres et les responsables de l’Eglise se réunirent pour examiner la question. Après une longue discussion, Pierre se leva et leur dit : Mes frères, comme vous le savez, il y a déjà longtemps que Dieu m’a choisi parmi vous pour que j’annonce l’Evangile aux non-Juifs, pour qu’ils l’entendent et deviennent croyants. Dieu, qui lit dans le secret des cœurs, a témoigné qu’il les acceptait, en leur donnant lui-même le Saint-Esprit comme il l’avait fait pour nous. Entre eux et nous, il n’a fait aucune différence puisque c’est par la foi qu’il a purifié leur cœur. Pourquoi donc maintenant vouloir provoquer Dieu en imposant à ces disciples un joug que ni nos ancêtres ni nous n’avons jamais eu la force de porter ? Non ! Voici au contraire ce que nous croyons : c’est par la grâce du Seigneur Jésus que nous sommes sauvés, nous Juifs, de la même manière qu’eux. Alors tout le monde se tut pour écouter Barnabas et Paul raconter les signes miraculeux et les prodiges que Dieu avait accomplis par eux parmi les non-Juifs. Quand ils eurent fini de parler, Jacques prit la parole et dit : Maintenant, mes frères, écoutez-moi ! Simon vous a rappelé comment, dès le début, Dieu lui-même est intervenu pour se choisir parmi les non-Juifs un peuple qui lui appartienne. Cela concorde avec les paroles des prophètes puisqu’il est écrit : Après cela, dit le Seigneur, je reviendrai, ╵ et je rebâtirai ╵ la hutte de David ╵ qui est tombée en ruine, et j’en relèverai les ruines, ╵ je la redresserai. Alors, le reste des hommes se tournera vers le Seigneur, des gens de tous les autres peuples ╵ appelés de mon nom ╵ comme ma possession. Le Seigneur le déclare, ╵lui qui réalise ces choses ╵qu’il avait préparées ╵de toute éternité. Voici donc ce que je propose, continua Jacques : ne créons pas de difficultés aux non-Juifs qui se convertissent à Dieu. Ecrivons-leur simplement de ne pas manger de viande provenant des sacrifices offerts aux idoles, de se garder de toute inconduite sexuelle, et de ne consommer ni viande d’animaux étouffés ni sang. En effet, depuis les temps anciens, il y a dans chaque ville des prédicateurs qui enseignent la Loi de Moïse, et chaque sabbat, on la lit dans les synagogues. Alors les apôtres et les responsables, avec toute l’Eglise, décidèrent de choisir parmi eux quelques délégués et de les envoyer à Antioche avec Paul et Barnabas. Ils choisirent donc Jude, surnommé Barsabbas, et Silas. Tous deux jouissaient d’une grande estime parmi les frères. Voici la lettre qu’ils leur remirent : Les apôtres et les responsables de l’Eglise adressent leurs salutations aux frères d’origine païenne qui habitent Antioche, la Syrie et la Cilicie. Nous avons appris que certains frères venus de chez nous ont jeté le trouble parmi vous et vous ont désorientés par leurs paroles. Or, ils n’avaient reçu aucun mandat de notre part. C’est pourquoi nous avons décidé à l’unanimité de choisir des délégués et de vous les envoyer avec nos chers frères Barnabas et Paul qui ont risqué leur vie pour la cause de notre Seigneur Jésus-Christ. Nous vous envoyons donc Jude et Silas, qui vous confirmeront de vive voix ce que nous vous écrivons. Car il nous a semblé bon, au Saint-Esprit et à nous-mêmes, de ne pas vous imposer d’autres obligations que celles qui sont strictement nécessaires : ne consommez pas de viandes provenant des sacrifices aux idoles, du sang, des animaux étouffés, et gardez-vous de toute inconduite sexuelle. Si vous évitez tout cela, vous agirez bien. Recevez nos salutations les plus fraternelles. On laissa partir les délégués et ils se rendirent à Antioche. Ils réunirent l’ensemble des croyants et leur remirent la lettre. On la lut et tous se réjouirent de l’encouragement qu’ils y trouvaient. Comme Jude et Silas étaient eux-mêmes prophètes, ils parlèrent longuement aux frères pour les encourager et les affermir dans la foi. Ils restèrent là un certain temps, puis les frères leur souhaitèrent bon voyage et les laissèrent retourner auprès de ceux qui les avaient envoyés. [Silas cependant trouva bon de rester à Antioche, de sorte que Jude rentra seul à Jérusalem.] Paul et Barnabas restèrent à Antioche, continuant avec beaucoup d’autres à enseigner et à annoncer la Parole du Seigneur.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an