Travay 14:1-22

Travay 14:1-22 HAT98

Nan Ikonyòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. Men jwif ki pat kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre. Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo. Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y'al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinay yo. Yo t'ap anonse bòn nouvèl la, la tou. Nan Lis te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pat janm mache menm. Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l te geri. Pòl pale byen fò, li di: — Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache. Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: — Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou. Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale. Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas. Lè apot yo tande sa, yo chire rad sou yo tèlman yo fache. Yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò ak yo, yo t'ap di: — Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo. Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki sòti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil. Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa te ti traka anvan apot yo te resi rive anpeche moun yo touye bèt fè sakrifis pou yo. Kèk jwif sòti Antyòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikonyòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l mete andeyò lavil la, yo te kwè l te mouri. Men, lè disip yo vin sanble bò kote l, li leve kanpe, epi l tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y'al lavil Dèb. Pòl ak Banabas anonse bòn nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikonyòm, Antyòch (ki nan peyi Pisidi). Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: — Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an