Travay 14:1-22

Travay 14:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan Ikonyòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. Men jwif ki pat kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre. Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo. Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y'al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinay yo. Yo t'ap anonse bòn nouvèl la, la tou. Nan Lis te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pat janm mache menm. Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l te geri. Pòl pale byen fò, li di: — Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache. Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: — Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou. Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale. Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas. Lè apot yo tande sa, yo chire rad sou yo tèlman yo fache. Yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò ak yo, yo t'ap di: — Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo. Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki sòti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil. Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa te ti traka anvan apot yo te resi rive anpeche moun yo touye bèt fè sakrifis pou yo. Kèk jwif sòti Antyòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikonyòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l mete andeyò lavil la, yo te kwè l te mouri. Men, lè disip yo vin sanble bò kote l, li leve kanpe, epi l tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y'al lavil Dèb. Pòl ak Banabas anonse bòn nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikonyòm, Antyòch (ki nan peyi Pisidi). Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: — Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a.

Travay 14:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

À Iconium, c’est la même chose qu’à Antioche : Paul et Barnabas entrent dans la maison de prière des Juifs. Ils annoncent la parole de Dieu. Alors une grande foule de Juifs et de non-Juifs deviennent croyants. Mais certains Juifs refusent de croire. Ils entraînent avec eux ceux qui ne sont pas juifs et ils les poussent à penser du mal des frères. Malgré tout, Paul et Barnabas restent assez longtemps à Iconium. Ils parlent avec assurance, pleins de confiance dans le Seigneur. Ils parlent de son amour, et le Seigneur montre que leurs paroles sont vraies. En effet, il leur permet de faire des choses étonnantes et extraordinaires. Les habitants de la ville ne sont pas d’accord entre eux. Les uns sont pour les Juifs, les autres sont pour les apôtres. Les Juifs et ceux qui ne sont pas juifs, avec leurs chefs, décident d’attaquer Paul et Barnabas et de les tuer en leur jetant des pierres. Mais les deux hommes apprennent cela, ils partent donc vers les villes de la Lycaonie, à Lystre, à Derbé et dans les environs. Là aussi, ils annoncent la Bonne Nouvelle. À Lystre, il y a un homme qui ne peut pas se tenir debout. Depuis sa naissance, il est infirme et n’a jamais pu marcher. Un jour, il écoute Paul parler. Paul le regarde et il voit que l’homme a la foi pour être guéri. Alors il lui dit d’une voix forte : « Debout, mets-toi sur tes pieds ! » L’homme se lève d’un bond et se met à marcher. La foule voit ce que Paul a fait. Elle dit en lycaonien, qui est la langue du pays : « Les dieux ont pris un corps d’homme et ils sont descendus chez nous ! » Ils appellent Barnabas « Zeus » et Paul « Hermès » . En effet, c’était Paul qui parlait. À l’entrée de la ville, il y a un temple pour le dieu Zeus. Le prêtre de ce temple amène devant les portes des taureaux ornés de couronnes de fleurs. Avec la foule, il veut offrir un sacrifice aux apôtres. Quand Paul et Barnabas apprennent cela, ils déchirent leurs vêtements et ils se précipitent au milieu de la foule en criant : « Mes amis, pourquoi est-ce que vous faites cela ? Nous sommes des hommes comme vous ! Nous vous apportons la Bonne Nouvelle. Alors abandonnez ces dieux qui ne valent rien ! Tournez-vous vers le Dieu vivant : il a fait le ciel, la terre, la mer et tout ce qu’ils contiennent. Autrefois, il a laissé tous les peuples suivre leurs chemins. Pourtant, Dieu a toujours montré son amour. En effet, il vous a envoyé du ciel les pluies et les récoltes au bon moment. Il vous a donné la nourriture et il a rempli vos cœurs de joie. » Malgré ces paroles, Paul et Barnabas ont du mal à empêcher la foule de leur offrir un sacrifice. Des Juifs arrivent d’Antioche de Pisidie et d’Iconium, ils se mettent à persuader la foule. Alors on lance des pierres sur Paul et on le traîne en dehors de la ville. En effet, on pense qu’il est mort. Mais quand les disciples se rassemblent autour de lui, Paul se relève et rentre dans la ville. Le jour suivant, il part avec Barnabas pour Derbé. Dans la ville de Derbé, Paul et Barnabas annoncent la Bonne Nouvelle. Beaucoup de gens deviennent disciples. Ensuite, Paul et Barnabas retournent à Lystre, à Iconium et à Antioche de Pisidie. Ils encouragent les disciples et leur demandent avec force de rester fidèles à la foi. Ils leur disent : « Nous devons traverser beaucoup de souffrances pour entrer dans le Royaume de Dieu. »

Travay 14:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a. Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo. Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo. Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas aprann koze a, yo kite vil Ikonyòm. Yo lage kò yo nan vil Lis ak vil Dèb ki nan zòn Likawoni an ak kèk lòt kote nan anviwon an. Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis. Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l. Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l. Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal. Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.” Moun yo tonbe rele Banabas Zeyis, epi yo rele Pòl Emès, paske se sitou Pòl ki te pale. Tanp kote yo te konn adore Zeyis la te toupre lavil la. Konsa, prèt tanp lan vin nan baryè lavil la avèk kèk towo bèf ansanm ak flè pou yo menm ak foul la ofri sakrifis bay Pòl ak Banabas. Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo. Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di: Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo. Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa. Pòl ak Banabas te toujou gen anpil difikilte pou anpeche foul la ofri sakrifis ba yo, malgre tout pawòl sa yo. Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri. Men, lè kwayan yo vin rasanble toutotou l kote l te ye a, li leve kanpe epi l tounen antre nan vil la. Nan demen, li pati ansanm ak Banabas, y ale lavil Dèb. Pòl ak Banabas preche Bòn Nouvèl la nan lavil Dèb tou, epi anpil moun te aksepte swiv Jezikris. Apre sa, yo retounen pase nan vil Lis, nan Ikonyòm ak nan vil Antyòch nan Pisidi. Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”

Travay 14:1-22 New International Version (NIV)

At Iconium Paul and Barnabas went as usual into the Jewish synagogue. There they spoke so effectively that a great number of Jews and Greeks believed. But the Jews who refused to believe stirred up the other Gentiles and poisoned their minds against the brothers. So Paul and Barnabas spent considerable time there, speaking boldly for the Lord, who confirmed the message of his grace by enabling them to perform signs and wonders. The people of the city were divided; some sided with the Jews, others with the apostles. There was a plot afoot among both Gentiles and Jews, together with their leaders, to mistreat them and stone them. But they found out about it and fled to the Lycaonian cities of Lystra and Derbe and to the surrounding country, where they continued to preach the gospel. In Lystra there sat a man who was lame. He had been that way from birth and had never walked. He listened to Paul as he was speaking. Paul looked directly at him, saw that he had faith to be healed and called out, “Stand up on your feet!” At that, the man jumped up and began to walk. When the crowd saw what Paul had done, they shouted in the Lycaonian language, “The gods have come down to us in human form!” Barnabas they called Zeus, and Paul they called Hermes because he was the chief speaker. The priest of Zeus, whose temple was just outside the city, brought bulls and wreaths to the city gates because he and the crowd wanted to offer sacrifices to them. But when the apostles Barnabas and Paul heard of this, they tore their clothes and rushed out into the crowd, shouting: “Friends, why are you doing this? We too are only human, like you. We are bringing you good news, telling you to turn from these worthless things to the living God, who made the heavens and the earth and the sea and everything in them. In the past, he let all nations go their own way. Yet he has not left himself without testimony: He has shown kindness by giving you rain from heaven and crops in their seasons; he provides you with plenty of food and fills your hearts with joy.” Even with these words, they had difficulty keeping the crowd from sacrificing to them. Then some Jews came from Antioch and Iconium and won the crowd over. They stoned Paul and dragged him outside the city, thinking he was dead. But after the disciples had gathered around him, he got up and went back into the city. The next day he and Barnabas left for Derbe. They preached the gospel in that city and won a large number of disciples. Then they returned to Lystra, Iconium and Antioch, strengthening the disciples and encouraging them to remain true to the faith. “We must go through many hardships to enter the kingdom of God,” they said.

Travay 14:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A Iconium, Paul et Barnabas se rendirent aussi à la synagogue des Juifs et y parlèrent de telle sorte que beaucoup de Juifs et de non-Juifs devinrent croyants. Mais les Juifs qui avaient refusé de croire suscitèrent chez les non-Juifs de l’hostilité et de la malveillance à l’égard des frères. Néanmoins, Paul et Barnabas prolongèrent leur séjour dans cette ville ; ils parlaient avec assurance, car ils étaient confiants dans le Seigneur et celui-ci confirmait la vérité du message de sa grâce, en leur donnant d’accomplir des signes miraculeux et des prodiges. La population de la ville se partagea en deux camps : les uns prenaient parti pour les Juifs, les autres pour les apôtres. Les non-Juifs et les Juifs, avec leurs chefs, s’apprêtaient à maltraiter les apôtres et à les lapider, mais ceux-ci, dès qu’ils en furent informés, cherchèrent refuge dans les villes de la Lycaonie : Lystres, Derbé et les environs. Là aussi, ils annoncèrent l’Evangile. A Lystres se trouvait un homme paralysé des pieds : infirme de naissance, il n’avait jamais pu marcher. Il écoutait les paroles de Paul. L’apôtre fixa les yeux sur lui et, voyant qu’il avait la foi pour être sauvé, il lui commanda d’une voix forte : Lève-toi et tiens-toi droit sur tes pieds ! D’un bond, il fut debout et se mit à marcher. Quand ils virent ce que Paul avait fait, les nombreux assistants crièrent dans leur langue, le lycaonien : Les dieux ont pris forme humaine et ils sont descendus parmi nous. Ils appelaient Barnabas Zeus, et Paul Hermès parce qu’il était le porte-parole. Le prêtre du dieu Zeus, dont le temple se trouvait à l’entrée de la ville, fit amener devant les portes de la cité des taureaux ornés de guirlandes et de fleurs. Déjà il s’apprêtait, avec la foule, à les offrir en sacrifice. Quand les apôtres Barnabas et Paul l’apprirent, ils déchirèrent leurs vêtements en signe de consternation et se précipitèrent au milieu de la foule en s’écriant : Amis, que faites-vous là ? Nous ne sommes que des hommes, nous aussi, semblables à vous. Nous sommes venus vous annoncer une bonne nouvelle : c’est qu’il vous faut abandonner ces idoles inutiles pour vous tourner vers le Dieu vivant, qui a créé le ciel, la terre, la mer et tout ce qui s’y trouve. Dans les siècles passés, ce Dieu a laissé tous les peuples suivre leurs propres chemins. Pourtant, il n’a jamais cessé de leur donner des témoignages de sa bonté, car il vous envoie du ciel la pluie et des fruits abondants en leur saison. Oui, c’est lui qui vous donne de la nourriture en abondance et comble votre cœur de joie. Même en leur parlant ainsi, ils eurent beaucoup de mal à dissuader la foule de leur offrir un sacrifice. Des Juifs arrivèrent d’Antioche et d’Iconium et ils parvinrent à retourner le peuple contre eux : ils lapidèrent Paul, puis ils le traînèrent hors de la ville, croyant qu’il était mort. Mais quand les disciples se rassemblèrent autour de lui, il se releva et rentra dans la ville. Le lendemain, il partit avec Barnabas pour Derbé. Après avoir annoncé l’Evangile dans cette ville et y avoir fait de nombreux disciples, ils retournèrent à Lystres, à Iconium et à Antioche. Ils fortifiaient les disciples et les encourageaient à demeurer fermes dans la foi. – Car, leur disaient-ils, c’est au travers de beaucoup de souffrances qu’il nous faut entrer dans le royaume de Dieu.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an