Travay 12:1-19

Travay 12:1-19 HAT98

Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. Lè l wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l te mennen l devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l, li di li: — Leve vit. Chenn ki te mare men l yo tonbe. Zanj lan di li: — Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò: — Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache sòti nan kacho a. Li pat kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo sòti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di: — Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. Lè l vin konprann sitirasyon an, l'ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: — Men Pyè deyò a wi. Yo di li: — Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l te di a se vre. Lè sa a, yo di li: — Se dwe bonnanj li. Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l, yo pat manke sezi. Li fè yo siy ak men l pou yo pa pale, epi l rakonte yo ki jan Bondye te fè l sòti nan prizon an. Li di yo ankò. — Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l sòti, l'al yon lòt kote. Lè l fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase. Ewòd fè chache l toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè kèsyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, l'al lavil Sezare kote li pase kèk tan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an