Travay 12:1-11

Travay 12:1-11 HAT98

Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. Lè l wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l te mennen l devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l, li di li: — Leve vit. Chenn ki te mare men l yo tonbe. Zanj lan di li: — Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò: — Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache sòti nan kacho a. Li pat kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo sòti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di: — Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.