Lè sa a, Pyè rakonte yo sa k te pase nan tout ti detay. Li di yo: — Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen. Lè m gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwazo. Epi m tande yon vwa ki di m konsa: Leve non, Pyè, touye, manje. Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen. Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, pa di l pa bon pou yo. An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la.
Li Travay 11
Koute Travay 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 11:4-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo