Travay 11:19-30

Travay 11:19-30 HAT98

Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki t'al nan peyi Fenisi, nan zile Chip ak nan vil Antyòch. Men yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman. Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antyòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo. Yo fè yo konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi Senyè a. Pouvwa Bondye te avèk yo. Anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye. Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antyòch. Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pat manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Senyè a san dekouraje. Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Senyè a. Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l'al chache Sòl. Lè l jwenn li, li mennen l lavil Antyòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antyòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen. Lè sa a, kèk pwofèt sòti Jerizalèm rive Antyòch. Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen ta pral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.) Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an