Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki t'al nan peyi Fenisi, nan zile Chip ak nan vil Antyòch. Men yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman. Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antyòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo. Yo fè yo konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi Senyè a. Pouvwa Bondye te avèk yo. Anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye. Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antyòch. Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pat manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Senyè a san dekouraje. Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Senyè a. Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l'al chache Sòl. Lè l jwenn li, li mennen l lavil Antyòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antyòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.
Li Travay 11
Koute Travay 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 11:19-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo