Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. Men sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò. Li ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Li Travay 10
Koute Travay 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 10:39-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo