Travay 10:39-43
Travay 10:39-43 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. Men sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò. Li ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Travay 10:39-43 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Et nous, nous sommes témoins de tout ce qu’il a fait dans le pays des Juifs et à Jérusalem. On l’a supprimé en le clouant sur une croix. Mais, le troisième jour, Dieu l’a réveillé de la mort et il lui a donné de se montrer non pas à tout le peuple, mais à nous. En effet, Dieu nous a choisis d’avance comme témoins. Quand Jésus s’est relevé de la mort, nous avons mangé et bu avec lui. Il nous a commandé d’annoncer la Bonne Nouvelle au peuple et de rendre ce témoignage : Jésus est celui que Dieu a choisi pour juger les vivants et les morts. Tous les prophètes ont parlé de lui en disant : “Toute personne qui croit en Jésus reçoit par son nom le pardon des péchés.” »
Travay 10:39-43 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou te temwen tout sa Jezi te fè nan tout rejyon Jide a ak nan Jerizalèm. Malgre sa, yo touye l epi yo mete l sou yon kwa ki fèt an bwa. Sou twa jou, Bondye resisite l epi li fè moun wè l vivan ankò. Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a. Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.”
Travay 10:39-43 New International Version (NIV)
“We are witnesses of everything he did in the country of the Jews and in Jerusalem. They killed him by hanging him on a cross, but God raised him from the dead on the third day and caused him to be seen. He was not seen by all the people, but by witnesses whom God had already chosen—by us who ate and drank with him after he rose from the dead. He commanded us to preach to the people and to testify that he is the one whom God appointed as judge of the living and the dead. All the prophets testify about him that everyone who believes in him receives forgiveness of sins through his name.”
Travay 10:39-43 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Nous sommes les témoins de tout ce qu’il a fait, dans le pays des Juifs et à Jérusalem, où ils l’ont mis à mort en le clouant à la croix. Mais Dieu l’a ramené à la vie le troisième jour et lui a donné de se montrer vivant, non à tout le peuple, mais aux témoins que Dieu avait lui-même choisis d’avance, c’est-à-dire à nous. Et nous avons mangé et bu avec lui après sa résurrection. Jésus nous a donné l’ordre de prêcher au peuple juif et de proclamer que c’est lui que Dieu a désigné pour juger les vivants et les morts. Tous les prophètes ont parlé de lui en disant que tout homme qui croit en lui reçoit par lui le pardon de ses péchés.