Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè. Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.
Li Travay 1
Koute Travay 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 1:6-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo