Yon jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a: — Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an. Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri. Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Li Travay 1
Koute Travay 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 1:4-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo