Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese. Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon. Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo. Sayil te gen yon fanm deyò yo rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche fi a. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè epi li di li konsa: — Poukisa w'al kouche ak yonn nan fanm deyò papa m' yo?
Li 2 Samyèl 3
Koute 2 Samyèl 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 3:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo