2 Samyèl 20:15-26

2 Samyèl 20:15-26 HAT98

Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt-Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranble nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l tonbe. Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: — Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l. Joab vin rive. Fanm lan mande l: — Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: — Wi, se mwen menm. Fanm lan di l: — Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: — M'ap koute ou, wi. Fanm lan di konsa: — Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo. Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Senyè a? Joab reponn li: — Sa ou kwè a se pa sa! Se pat nan lide m ni pou m te kraze, ni pou m te detwi lavil nou an. Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lèzam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men mwen, m'ap vire do mwen kite lavil la repo. Fanm lan reponn li: — N'ap voye tèt li lòtbò miray la ba ou. L'al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a. Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonel wa a. Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a. Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt. Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an