2 Samyèl 15

15
Absalon sòti pou l pran plas David la
1Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak #1 Wa 1.5 tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. 2Chak #Rit 4.1 maten, Absalon leve byen bonè, l'al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l sou kote, li mande l ki bò li moun. Apre moun lan fin di l moun ki branch fanmi li ye, 3Absalon di l konsa:
— Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou.
4Apre #Jij 9.29 sa, li di ankò:
— Ki moun ki va mete m chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l jistis.
5Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l, Absalon lonje men l, li kenbe l epi li bo l. 6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l.
7Apre katran, #15.7: katran: Dapre sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay.5em karantan. Absalon di wa David konsa:
— Monwa, tanpri! Kite m ale lavil Ebwon pou m ka kenbe yon pwomès mwen te fè Senyè a. 8Antan #Jen 28.20,21; 2 Sam 13.38 mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Senyè a si m te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.
9Wa a di l:
— Ale ak kè poze.
Se konsa Absalon ale lavil Ebwon. 10Menm #2 Wa 9.13 lè a, li voye mesaje ansekrè nan tout branch fanmi Izrayèl la pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo sonnen, n'a konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon.
11Te gen desan (200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l, men yo pat konn anyen nan zafè konplo a. 12Antan #1 Kwo 27.33; Sòm 41.9; 55.12-14 Absalon t'ap ofri bèt pou Senyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.
David kouri kite Jerizalèm
13Yon mesaje vin di David:
— Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l.
14Se konsa David rele moun pa l yo ki te avè l lavil Jerizalèm, li di yo:
— Se pou n prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la.
15Patizan wa yo reponn:
— Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l.
16Wa a #2 Sam 16.21,22; 20.3 pran tout fanmi li, li pati apye. Li kite dis nan fanm deyò li yo pou okipe palè a. 17Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. 18Tout #2 Sam 8.18 chèf li yo te kanpe bò kote l. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
19Wa a #2 Sam 18.2; Rit 1.8 rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l konsa:
— Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. 20Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Senyè a pou l aji byen avè ou, pou l pa janm lage ou!
21Men #Rit 1.16,17 Itayi reponn li:
— Monwa, mwen sèmante devan Senyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou fè, m'a prale avè ou, menm si mwen gen pou m'mouri.
22Lè sa a, David di li:
— Bon. Ou mèt pran devan nou.
Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. 23Tout #1 Wa 2.37; Jan 18.1 moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a. 24Zadòk, #Nonb 4.15; 1 Sam 4.3; 22.20; 2 Sam 8.17; 20.25 prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Senyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l jouk tout rès moun yo fin sòti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou. 25Apre #Egz 15.13; Sòm 43.3; Jer 25.30 sa, wa a di Zadòk konsa:
— Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Senyè a pran plezi nan mwen, yon jou la kite m tounen pou m wè bwat la ansanm ak kote l rete a. 26Men, #1 Sam 3.18; 2 Sam 22.20 si li pa kontan avè m ankò, enben, lè sa a, la fè sa li vle avè m.
27Epi #1 Sam 9.9; 2 Sam 17.17; 18.19; 1 Wa 1.42 wa a di Zadòk ankò:
— Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a. 28Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen.
29Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.
30David #2 Sam 19.4; Estè 6.12; Eza 20.2-4; Eze 24.17; Lik 19.29,41 menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache dèyè l yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. 31#2 Sam 16.23; 17.14,23; Jòb 12.17,20 David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di:
— Tanpri, Senyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
32#Joz 16.2; 2 Sam 16.16; 17.5 David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l, rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè. 33David di l konsa:
— Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m. 34Men, #2 Sam 16.19 ou ka ede m anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l kounyeya menm jan ou te sèvi papa l nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m. 35Zadòk #2 Sam 17.15,16 ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a. 36Yo #2 Sam 17.17 gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m dènye sa w'a tande nan palè a.
37Se #2 Sam 16.15,16; 1 Kwo 27.33 konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la anmenmtan ak Absalon.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte