2 Samyèl 11

11
David ak Batcheba
1Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo #Det 3.11; 2 Sam 12.26; 1 Wa 20.22,26; 1 Kwo 20.1 konn sòti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.
2Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi. 3Li #2 Sam 23.34,39; 1 Kwo 3.5 voye chache konnen ki fanm sa a. Yo vin di li se Batcheba, pitit fi Eliyam, madanm Iri, moun peyi Et la. 4David #Lev 15.19,28; 18.19,20; 20.10 voye moun ankachèt al pran li mennen ba li. Li kouche ak madanm lan. Lè sa a, Batcheba te fèk fin fè sèvis apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li. 5Fanm lan vin ansent, epi li voye fè David konnen sa.
6David voye yon mesay bay Joab, li mande l pou l voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David. 7Lè Ouri rive, David mande l nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye. 8Apre sa, li di Ouri:
— Desann al lakay ou non! Al poze kò ou!
Ouri sòti. David voye yon kado pou li lakay li. 9Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo. 10Lè David vin konnen Ouri pat al lakay li, li mande l:
— Ou fenk antre sòti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou?
11Ouri #1 Sam 4.3; 21.4,5; 2 Sam 7.2,6 reponn David:
— Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Senyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou mal lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m pa ka janm fè bagay konsa.
12David di li:
— Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale.
Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò. 13David #Jen 19.33,35 envite li vin manje avè li. Li fè li bwè jouk li sou. Menm jou swa sa a tou, Iri pa desann lakay li. Li dòmi dòmi li ak gad palè yo.
14Nan denmen, David ekri Jowab. Li bay Iri lèt pote ale. 15Li #2 Sam 12.9 voye di Jowab: W'a mete Iri devan nèt, kote batay la pi anraje a. Apre sa, rale kò ou dèyè pou yo ka touye li. 16Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a. 17Lame lènmi yo sòti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou.
18Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase. 19Epi li bay mesaje a lòd sa a:
— Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la, 20li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou? 21Nou #Jij 9.53 genlè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon #11.21: Jedeyon osinon Jewoubaal dapre vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay Jewoubochèt. an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l: Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.
22Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l la. 23Li di l:
— Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon sòti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la. 24Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou.
25David #2 Sam 2.26; Jer 46.10 di mesaje a:
— Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l.
26Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l te mouri, li pran lapenn pou li. 27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l, li pran l lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pat fè Senyè a plezi menm.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an