Madanm yonn nan pitit pwofèt yo vin kriye nan pye Elize. Li di li: — Mari mwen, sèvitè ou, mouri. Ou konnen jan li te respekte Bondye. Men koulyeya, yon nonm mari mwen te dwe, li vle sezi de pitit gason mwen yo pou fè yo esklav. Elize di madanm nan: — Kisa m'ka fè pou ou? Kisa ou gen nan kay la. Madanm nan reponn: — Mèt, sèvant ou pa gen anyen non, esepte yon flakon lwil. Elize di li: — Ale nan vwazinay. Prete valè veso vid ou ka jwenn prete. Lèfini, antre andan ak yo ansanm ak de pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Plen veso yo lwil. Chak sa ou fin plen, mete li sou kote. Se konsa, madanm nan kite Elize, li tounen al jwenn pitit li lakay li. Li fèmen pòt. Li pran flakon lwil la, li vide plen veso vid yo. Ti mesye li yo t'ap pote veso yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. Lè tout veso fin plen nèt, madanm nan mande yonn nan timoun yo si pa gen veso ankò. Li reponn li: — Pa gen ki vid ankò non. Lamenm, lwil la rete koule.
Li 2 Wa 4
Koute 2 Wa 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 4:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo