2 Wa 24:10-20

2 Wa 24:10-20 HAT98

Se sou reny li lame Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la. Pandan lame a te sènen lavil la, Nebikadneza vin atake lavil la li menm menm. Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l, pitit gason l yo, chèf lame l yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nebikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay lò, Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Senyè a, jan Senyè a te konn fè sa depi lontan an. Nebikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a. Nebikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l, madanm li yo, chèf nan gouvènman l yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn. Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè. Apre sa, Nebikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l wa nan peyi Jida. Li chanje non l, li rele l Sedesyas. Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin. Se konsa, Senyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l.