Lè a te rive pou Senyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal. Eli di Elize konsa: — Ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal Betèl. Men, Elize reponn li: — Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl. Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l konsa: — Ou pa konnen Senyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: — Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò! Apre sa, Eli di Elize: — Kounyeya ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a te ban m lòd pou mal Jeriko. Men, Elize reponn li: — Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko. Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l konsa: — Ou pa konnen Senyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: — Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò. Apre sa, Eli di Elize: — Kounyeya ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: — Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
Li 2 Wa 2
Koute 2 Wa 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 2:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo