2 Wa 17

17
Oze, wa peyi Izrayèl
1Wa Akaz t'ap mache sou douzan #2 Wa 15.30 depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan. 2Li fè sa ki mal nan je Senyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l yo. 3Salmanaza, #2 Wa 18.9-12 wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l. Li peye l yon lajan chak lanne. 4Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l. Oze te voye mesaje bò kote Sò, wa peyi Lejip, pou mande l konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l nan prizon ak chenn nan pye l.
Salmanaza pran lavil Samari
5Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan. 6Oze #Det 28.36,64; 29.27,28; 1 Kwo 5.26 te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
Rezon ki fè Izrayèl fini
7Sa #Egz 20.2; Lev 25.38; 2 Wa 17.36 te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Senyè a, Bondye yo a, ki te fè yo sòti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye. 8Yo #Lev 18.3; Det 18.9; 2 Wa 16.3 t'ap swiv mès moun lòt nasyon Senyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo. 9Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pat dwe fè devan Senyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonè rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 10Sou #Egz 23.24; 34.13; 1 Wa 14.23 tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan. 11Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Senyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Senyè a te fache anpil. 12Yo #Egz 20.4 adore zidòl, bagay Senyè a te ba yo lòd pa fè.
13Senyè a #1 Sam 9.9; Ney 9.30; Jer 18.11; 25.5; 35.15 te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m yo, moutre nou an. 14Men, #Det 9.6; 31.27; 2 Kwo 30.8; Jer 7.26; Tra 7.51 yo pa koute l, yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pat mete konfyans yo nan Senyè a, Bondye yo a. 15Yo #Det 12.30,31; 29.25; 32.21; Jer 2.5; Wòm 1.21 derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Senyè a ki te di yo pa fè sa. 16Yo #Det 4.19; 1 Wa 12.28; 14.15; 15.13; 16.31,33 lage tout kòmandman Senyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. 17Yo #Det 18.10; 1 Wa 21.20; 2 Wa 16.3 bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y'al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a, pou yo te ka fè l move jouk li pa kapab ankò. 18Se #1 Wa 11.32; 12.20 konsa Senyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
19Men, #Jer 3.8 ata moun peyi Jida yo tou pat kenbe lòd Senyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase. 20Se #Jij 2.14; 2 Wa 13.3; 15.29 poutèt sa Senyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l.
21Li #1 Wa 11.11,31; 12.20,28-30; 14.8 separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chemen Senyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou. 22Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l san rete. 23Bout #2 Wa 17.6,13 pou bout, Senyè a wete yo nèt devan je l, jan li te voye sèvitè l yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.
Zansèt moun Samari yo
24Wa #2 Wa 18.34; 19.13; Esd 4.2,10 peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari #17.24: peyi Samari: Depi lè wa peyi Lasiri a fini ak peyi Izrayèl la, peyi a chanje non. Yo ba li non kapital la. nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y'al rete nan tout lavil yo. 25Moun sa yo pat nan sèvi Senyè a. Konsa, lè yo fenk vin tabli nan peyi a, Senyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo. 26Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo. 27Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l tounen al viv laba a pou l ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a. 28Se #1 Wa 12.29 konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l'al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Senyè a.
29Men, #1 Wa 12.31 chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo. 30Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt-Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima. 31Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo. 32Kifè yo t'ap sèvi Senyè a, men anmenmtan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo. 33Se #Sof 1.5; Mat 6.24 konsa yo t'ap adore Senyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te sòti.
34Jouk #Jen 32.28; 35.10 jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Senyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l Izrayèl. 35Senyè a #Egz 20.5; Jij 6.10 te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri okenn bèt pou touye pou yo. 36Se #Det 4.34; 6.13; 2 Wa 17.7 mwen menm Senyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou sòti kite peyi Lejip ak gwo kouray mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye. 37Se #Det 5.32 pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 38Piga #Det 4.23 nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 39Se mwen menm ase, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo. 40Men, moun yo pa koute m, yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an.
41Konsa #Sof 1.5; Lik 16.13 moun nasyon sa yo t'ap sèvi Senyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte