2 Jan 1

1
Salitasyon
1Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri #1 Pyè 5.1; 3 Jan 1 lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou. 2Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan.
3Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.
Laverite ak renmen
4Mwen pat manke kontan lè m wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa. 5Kounyeya, men #1 Jan 2.7 sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an. 6Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.
7Gen #1 Jan 2.18; 4.1-3 anpil moun kounyeya toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. 8Veye #Gal 4.11 kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.
9Si #1 Jan 2.23 yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si l'al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. 10Si #2 Tes 3.6; 1 Wa 13.17; 3 Jan 8 yon moun vin jwenn nou pou l moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. 11Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
Dènye konsèy
12Mwen #3 Jan 13 gen anpil bagay pou m di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.
13Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.

Chwazi Kounye ya:

2 Jan 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an