Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouray, kè m kontan nèt. Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedouàn, kè m pat poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouray te ban m kouray lè l te voye Tit vin jwenn mwen. Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouray mwen anpil tou lè li rakonte m jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m konnen jan nou anvi wè m, jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sa k fè, kounyeya mwen pi kontan toujou. Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa regrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l lè m te wè jan l te fè nou lapenn lè sa a. Men kounyeya, kè m kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.
Li 2 Korent 7
Koute 2 Korent 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 7:4-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo