2 Korent 6:1-10

2 Korent 6:1-10 HAT98

Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye. Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, jou pou m'te kote ou la. Mwen te pote ou sekou, jou pou m'te pote ou sekou a. Men jou pou n'resevwa favè Bondye a rive. Se jodi a menm ki jou delivrans lan. Mwen pa ta vle pèsonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m pa bay pèsonn okazyon tonbe nan peche. Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun fè bann kont mwen, travay fin kraze m', nan pase nwit san dòmi, nan rete san manje. Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye nan jan m'mache dwat, nan jan m'konn verite a, nan jan m'gen pasyans ak bon kè, nan jan m'kite Sentespri dirije lavi mwen, nan yon renmen sensè, nan jan m'ap mache bay verite a, nan jan Bondye soutni mwen ak pouvwa li. Zam mwen, se tout bagay ki dwat, kit pou atake, kit pou defann. Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m mal. Yo fè m pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. Yo fè nou pase pou moun pèsonn pa konnen, epoutan yo konnen nou byen pwòp. Yo pran nou pou moun mouri, men nou byen vivan. Nou pran anpil kou, men nou pa mouri. Yo pran nou pou moun tris, men kè nou toujou kontan. Yo gade nou pou moun pòv, men nou fè anpil moun vin rich. Yo gade nou pou moun ki pa gen anyen, men se nou ki gen tout bagay.