2 Korent 4:7-18

2 Korent 4:7-18 HAT98

Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa sòti nan nou, men se nan Bondye li sòti. Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou. Nan lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent. Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale. Mwen konnen Bondye ki te fè Senyè Jezi leve sòti vivan nan lanmò a, li gen pou l fè m tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l fè m parèt ansanm ak nou devan li. Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li. Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn. Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an