2 Korent 12

12
Vizyon ak revelasyon Pòl
1Mwen blije ap vante tèt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin kounyeya sou vizyon ak revelasyon Senyè a te ban mwen. 2Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l te moute tout bon nan kò l, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.) 3Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen. 4Antan l #Lik 23.43; Rev 2.7 te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gendwa repete. 5Enben, #2 Kor 11.30 m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m, esèpte si se pou m moutre jan m fèb. 6Si #2 Kor 10.8; 11.16 mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l te wè sa m'ap fè, lè l tande sa m'ap di.
7Malgre #Jòb 2.6 sa, pou lògèy pa fè m gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m yon kalite maladi nan kò m k'ap fè m soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m pou anpeche m gen lògèy. 8An twa fwa mwen lapriyè Senyè a pou maladi sa a, mwen mande l pou l wete li sou mwen. 9Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li. 10Se #Fil 4.13 sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
Moun Korent yo ap bay Pòl tèt chaje
11Mwen #2 Kor 11.5 sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen. 12Avèk #Wòm 15.19 anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye. 13Mwen #2 Kor 11.9 pat sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou?
14Mwen #2 Kor 13.1 pare koulyeya pou mwen vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a tou, mwen p'ap soukont nou. Paske se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Epitou konprann sa byen: Se pa pitit ki fè byen kite pou paran, se paran ki fè byen kite pou pitit. 15Pou #Fil 2.17 mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m genyen, se va tout plezi m pou m bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m mwens paske mwen renmen nou anpil konsa?
16Se pou nou admèt mwen pat janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti. 17Nan moun mwen te voye lakay nou, eske gen ladan yo ki te souse nou? 18Mwen #2 Kor 8.6,16-18 te mande Tit pou l'al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezon pou n aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?
19Nou dwe mete nan tèt nou kounyeya se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? Enben non! M'ap pale jan Kris la vle l la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. 20Mwen #2 Kor 10.2; 1 Kor 4.6 pè pou lè m rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l la. Mwen pè pou m pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. 21Mwen #2 Kor 2.1; 13.2 pè pou lè m rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m ankò devan nou, pou m pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an