2 Korent 12:1-10

2 Korent 12:1-10 HAT98

Mwen blije ap vante tèt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin kounyeya sou vizyon ak revelasyon Senyè a te ban mwen. Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l te moute tout bon nan kò l, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.) Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen. Antan l te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gendwa repete. Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m, esèpte si se pou m moutre jan m fèb. Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l te wè sa m'ap fè, lè l tande sa m'ap di. Malgre sa, pou lògèy pa fè m gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m yon kalite maladi nan kò m k'ap fè m soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m pou anpeche m gen lògèy. An twa fwa mwen lapriyè Senyè a pou maladi sa a, mwen mande l pou l wete li sou mwen. Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li. Se sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an