2 Korent 11

11
Pòl ak moun k'ap pran pòz apòt yo
1Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa. 2M'ap #Ef 5.26,27 fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la. 3Men, #Jen 3.4,13 mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo. 4Mwen #Gal 1.8,9 di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n asepte yon lespri ak yon mesay ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bòn nouvèl mwen te ban nou an.
5Pou #2 Kor 12.11; 1 Kor 15.10; Gal 2.6,9 mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen. 6Mwen #1 Kor 2.1,2,13; Ef 3.4 ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.
7Lè m te #1 Kor 9.12,18 anonse nou bòn nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m te fè sa? 8#Fil 4.10,15 sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m te pran nan sa ki pou yo pou m te kapab ede nou. 9Pandan #2 Kor 12.13 tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pat sou kont pèsonn lè m te bezwen lajan, paske frè ki sòti Masedouàn yo te pote tou sa m te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m pou m pat sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a. 10Jan #1 Kor 9.15 mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pèsonn p'ap kapab wete l nan men mwen. 11Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.
12Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji kounyeya, pou m pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen. 13Moun #2 Kor 2.17; Fil 3.2 sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la. 14Pa gen anyen la a pou fè m' sezi: Ata satan ka ranje kò li pran pòz zanj limyè li! 15Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.
Soufrans Pòl pase depi li apòt
16M'ap #2 Kor 12.6 repete sa m te di a: Piga pèsonn pran m pou moun fou. Men, si nou pran m pou moun fou, kite m pran pòz moun fou m vre pou m kapab vante tèt mwen yon ti kras tou. 17Sa m'ap di kounyeya, se pa sa menm Senyè a ta renmen m di. Men, nan pozisyon yo mete m ki fè m ka vante tèt mwen an, m'ap pale tankou si m te fou. 18Sitèlman gen moun k'ap vante tèt yo pou bagay y'ap fè sou latè, kite m vante tèt mwen tou. 19Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou! 20Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt. 21Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m te aji jan m te aji ak nou an!
Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!), mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou. 22Eske #Fil 3.5 yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Israyèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou. 23Eske #1 Kor 15.10 yo se moun k'ap sèvi Kris la? (Map pale kounyeya tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. 24An #Det 25.3 senk fwa, jwif yo ban m trant nèf kout fwèt. 25An #Tra 16.22; 14.19 twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. 26Anpil fwa menm, nan vwayaje konsa, dlo manke pote m' ale. Ansasen te manke touye mwen, jwif yo te mete lavi m' andanje, ata moun lòt nasyon yo t'ap chache touye m' tou. Mwen te andanje ni lavil ni andeyò ni sou lanmè. Ata swadizan frè yo te manke touye mwen tou. 27Mwen #2 Kor 6.5 redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen. 28San #Tra 20.18-21 konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m regle pou tout legliz yo. 29Si #1 Kor 9.22 yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.
30Si #2 Kor 12.6 se pou m vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m fèb. 31Bondye #2 Kor 1.23 ki Papa Senyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti. 32Lè m te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m. 33Men #Tra 9.24,25 frè yo fè m pase nan yon fennèt nan gwo miray lavil la. Yo file m desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kò m anba men li.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an