2 Korent 10:1-15

2 Korent 10:1-15 HAT98

Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki sòti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m nan mitan nou, men lè m lwen nou mwen sevè. Tanpri, pa fòse m moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm. M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris. Mwen pare pou m pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m jan nou sòti pou nou soumèt nou nèt. Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li. Enpi, menm si m te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Senyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m kraze nou. Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa. Gen moun ki di: Lè Pòl ekri nou, lèt li toujou gen pwa, yo toujou djanm. Men lè li nan mitan nou, li pa ka kase ze. Ata pale li pa ka pale. Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou. Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m mete m sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo nonplis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò. Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen. Se sa k fè, mwen pat depase limit mwen lè m te rive lakay nou ak bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an