2 Korent 10:1-15

2 Korent 10:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki sòti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m nan mitan nou, men lè m lwen nou mwen sevè. Tanpri, pa fòse m moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm. M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris. Mwen pare pou m pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m jan nou sòti pou nou soumèt nou nèt. Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li. Enpi, menm si m te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Senyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m kraze nou. Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa. Gen moun ki di: Lè Pòl ekri nou, lèt li toujou gen pwa, yo toujou djanm. Men lè li nan mitan nou, li pa ka kase ze. Ata pale li pa ka pale. Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou. Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m mete m sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo nonplis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò. Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen. Se sa k fè, mwen pat depase limit mwen lè m te rive lakay nou ak bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.

2 Korent 10:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, je vous fais une demande personnelle à cause de la douceur et de la bonté du Christ. On dit que je suis timide quand je suis en face de vous, et énergique avec vous quand je suis loin ! Je vous en prie, ne m’obligez pas à être énergique quand je serai parmi vous ! Mais certains pensent que nous agissons pour des raisons humaines. Alors, oui, contre ceux-là, je veux utiliser toute mon énergie. Nous sommes des hommes, c’est vrai, pourtant, nous ne luttons pas d’une façon humaine. Non, les armes qui nous servent à lutter ne sont pas des armes humaines. Mais leur force vient de Dieu pour détruire tout ce qui lui résiste. Nous détruisons les façons de penser qui sont fausses. Nous renversons tous les raisonnements que des orgueilleux opposent à la connaissance de Dieu. Nous voulons changer l’esprit des gens pour qu’ils obéissent au Christ. Et quand votre obéissance sera parfaite, nous serons prêts à punir tout acte de désobéissance. Regardez les choses en face ! Si quelqu’un est persuadé d’appartenir au Christ, il doit être sûr d’une chose une fois pour toutes : s’il appartient au Christ, nous aussi ! Le Seigneur nous a donné l’autorité, pour construire votre communauté, et non pour la détruire. Je suis peut-être trop fier de cela, mais je ne vais pas en avoir honte. Je ne veux pas avoir l’air de chercher à vous faire peur par mes lettres. En effet, certains disent : « Les lettres de Paul sont sévères et énergiques. Mais quand il est au milieu de nous, il est faible, et ce qu’il dit ne vaut rien. » Celui qui parle ainsi, doit être sûr d’une chose : quand nous sommes absents, nous vous écrivons des lettres sévères. Quand nous serons présents, nous agirons aussi avec sévérité, il n’y aura pas de différence. Certains pensent beaucoup de bien d’eux-mêmes, nous n’osons pas nous égaler ou nous comparer à eux. Ils se prennent eux-mêmes comme mesure pour se mesurer et se comparer aux autres. Ils sont stupides ! Mais nous, nous n’allons pas dépasser la mesure en nous vantant ! Quand Dieu nous a conduits jusqu’à vous, il a fixé des limites à notre champ d’action, et nous allons les prendre comme mesure. Quand nous sommes allés chez vous, nous n’avons pas dépassé ces limites. Nous sommes vraiment arrivés les premiers jusqu’à vous avec la Bonne Nouvelle du Christ. Nous ne dépassons pas la mesure en nous vantant à cause du travail des autres. Mais nous espérons une chose : votre foi fera des progrès, et nous pourrons agrandir notre champ d’action, parmi vous, mais sans dépasser les limites fixées .

2 Korent 10:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la: Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a. Se vre n ap viv nan mond la, men nou pa mennen batay nou menm jan lemonn. Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè, n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la. Nou pare pou nou pini tout moun ki dezobeyi, men nou vle wè ou ap obeyi Kris san grate tèt anvan. Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la. Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi. Mwen pa vle parèt tankou moun k ap ekri lèt pou fè nou pè. Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.” Men sa moun sa yo bezwen konnen: lè nou vini, aksyon nou yo ap gen menm pwa ak sa nou ekri nan lèt nou yo. Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare! Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la. Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen.

2 Korent 10:1-15 New International Version (NIV)

By the humility and gentleness of Christ, I appeal to you—I, Paul, who am “timid” when face to face with you, but “bold” toward you when away! I beg you that when I come I may not have to be as bold as I expect to be toward some people who think that we live by the standards of this world. For though we live in the world, we do not wage war as the world does. The weapons we fight with are not the weapons of the world. On the contrary, they have divine power to demolish strongholds. We demolish arguments and every pretension that sets itself up against the knowledge of God, and we take captive every thought to make it obedient to Christ. And we will be ready to punish every act of disobedience, once your obedience is complete. You are judging by appearances. If anyone is confident that they belong to Christ, they should consider again that we belong to Christ just as much as they do. So even if I boast somewhat freely about the authority the Lord gave us for building you up rather than tearing you down, I will not be ashamed of it. I do not want to seem to be trying to frighten you with my letters. For some say, “His letters are weighty and forceful, but in person he is unimpressive and his speaking amounts to nothing.” Such people should realize that what we are in our letters when we are absent, we will be in our actions when we are present. We do not dare to classify or compare ourselves with some who commend themselves. When they measure themselves by themselves and compare themselves with themselves, they are not wise. We, however, will not boast beyond proper limits, but will confine our boasting to the sphere of service God himself has assigned to us, a sphere that also includes you. We are not going too far in our boasting, as would be the case if we had not come to you, for we did get as far as you with the gospel of Christ. Neither do we go beyond our limits by boasting of work done by others. Our hope is that, as your faith continues to grow, our sphere of activity among you will greatly expand

2 Korent 10:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Moi, Paul, je suis, paraît-il, « timide » quand je suis présent parmi vous et « hardi » quand je suis absent, loin de vous. Mais c’est au nom de la douceur et de la bonté de Christ que je vous adresse cet appel : je vous en prie, ne m’obligez pas, lorsque je serai chez vous, à me montrer « hardi ». Car je compte faire preuve de mon assurance et agir avec « audace » envers certains qui jugent notre conduite « trop humaine ». Sans doute, nous sommes des hommes et nous vivons comme tels, mais nous ne menons pas notre combat d’une manière purement humaine. Car les armes avec lesquelles nous combattons ne sont pas simplement humaines ; elles tiennent leur puissance de Dieu qui les rend capables de renverser des forteresses. Oui, nous renversons les faux raisonnements ainsi que tout ce qui se dresse présomptueusement contre la connaissance de Dieu, et nous faisons prisonnière toute pensée pour l’amener à obéir à Christ. Aussi sommes-nous prêts à punir toute désobéissance dès que votre obéissance sera entière. Regardez donc la réalité en face. Si quelqu’un se persuade d’appartenir à Christ, qu’il soit vraiment convaincu de ceci : nous appartenons à Christ, nous aussi, tout autant que lui ! Et même si je me montre un peu trop fier de l’autorité que le Seigneur nous a donnée pour construire et non pour renverser , je n’en rougirai pas. Car je ne veux pas passer pour quelqu’un qui ne serait capable d’intimider que par des lettres, comme on le prétend : « Ses lettres, dit-on, sont sévères et énergiques, mais lorsqu’il est là, c’est un faible et sa parole ne mérite pas l’attention. » Que celui qui tient ces propos en soit bien convaincu : nos actes, quand nous serons chez vous, seront conformes à ce que nous vous écrivons dans nos lettres quand nous sommes loin de vous. Certes, nous n’aurions pas l’audace de nous prétendre égaux ou même comparables à certains qui se recommandent eux-mêmes ! La mesure avec laquelle ils se mesurent, c’est eux-mêmes, et ils ne se comparent à rien d’autre qu’à eux-mêmes. N’est-ce pas là une preuve de leur folie ? Quant à nous, nous ne nous laisserons pas aller à une fierté démesurée, mais nous prendrons comme mesure les limites du champ d’action que Dieu nous a confié. C’est ainsi que nous nous sommes rendus jusque chez vous. Aussi ne dépassons-nous pas les limites de notre domaine comme si nous n’étions pas arrivés jusqu’à vous. Car nous sommes bien venus chez vous les premiers pour vous annoncer l’Evangile de Christ. Nous n’avons donc pas une fierté démesurée comme si nous nous vantions d’un travail accompli par d’autres. Au contraire, nous gardons l’espoir qu’avec les progrès de votre foi, notre œuvre grandira de plus en plus parmi vous, dans les limites de notre champ d’action.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an