2 Kwonik 23

23
Joas moute wa peyi Jida
(2 Wa 11.4-16)
1Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt #2 Wa 11.4-20 la, pran kouray li ak de men, li deside lè a rive pou l fè sa pou l fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo. 2Mesye sa yo vwayaje ale nan tout lavil peyi Jida yo, y'al chache moun Levi yo ak tout chèf fanmi yo, fè yo moute lavil Jerizalèm.
3Yo #2 Kwo 6.16 tout reyini nan Tanp lan. Yo pase yon kontra ak wa Joas, lèfini Jeojada di yo:
— Men pitit gason defen wa nou an. Se li menm ki pral gouvènen kounyeya jan Senyè a te pwomèt fanmi David la. 4Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y'a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan. 5Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Res yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Senyè a. 6Pa #1 Kwo 23.27-29 kite pèsonn antre anndan Tanp lan, esèpte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gendwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Senyè a. 7Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y'a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y'a mache avè l nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l.
8Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pat kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t'ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo. 9Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a. 10Li mete moun ak nepe nan men yo sou tout devan Tanp lan ak devan lotèl la, depi sou bò gòch rive sou bò dwat Tanp lan pou pwoteje wa a. 11Lèfini, #Det 17.18,19; 1 Sam 10.24 li fè Joas, pitit wa a, sòti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l apa pou travay la. Tout pèp la pran rele:
— Viv wa a!
12Lè Atali tande bri pye pèp la ki t'ap kouri epi ki t'ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a. 13Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele:
— Men yo moute yon konplo sou do m.
14Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd, li di yo:
— Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l, mennen l deyò. Touye nenpòt moun nou wè ki ta vle swiv li.
Prèt la te bay lòd pou yo pa touye Atali anndan Tanp Senyè a. 15Yo pran Atali, yo mennen l nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l.
Jeojada fè gwo refòm
(2 Wa 11.17-21)
16Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Senyè a yo ye. 17#Det 13.9 yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo.
18Jeojada #Nonb 28.2; 1 Kwo 23.6,30,31; 24.1 mete gad pou fè faksyon devan Tanp Senyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sevis pou boule nèt ofrann pou Senyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l la. 19Jeyojada #1 Kwo 26.1-19 mete gad fè faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre. 20Apre sa, li pran kaptenn yo, notab yo, otorite yo ak tout rès pèp la, yo sòti nan Tanp lan ansanm ak wa a, yo mennen l ale nan palè a. Yo pase antre nan pòtay Wa a. Lèfini, yo fè wa a chita sou fòtèy li. 21Tout pèp la te kontan anpil. Pat gen yon ti bri nan lavil la depi yo te fin touye Atali ak kout nepe a.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte