2 Kwonik 21

21
1Jozafa mouri, yo antere l nan tonm #1 Wa 22.50 wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Joram, wa peyi Jida
(2 Wa 8.16-24)
2Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, #21.2: wa peyi Jida a: Dapre vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay wa peyi Izrayèl la. Wè chapit 17.1,2. te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou. 3Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l. 4#Jij 9.5 Joram moute wa nan plas papa l, li chita otorite l byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la.
5Joram #2 Wa 8.17-22; 2 Kwo 21.20 te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. 6Li #1 Wa 16.31-33; 2 Wa 8.18 fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Senyè a. 7Men #1 Wa 11.36 Senyè a pat vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Senyè a.
8Sou reny wa Joram, moun peyi Edon pran lèzam kont moun peyi Jida. Yo pran libète granmoun yo. Yo nonmen yon wa pou gouvènen yo. 9Se konsa, Joram soti ak tout chèf li yo ak tout cha lagè li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon sènen li. Joram ak cha lagè li yo leve pandan lannwit, yo atake moun Edon. Yo pase nan mitan yo, yo chape kò yo. 10Se konsa, depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna soti anba otorite peyi Jida, paske Joram te vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a. 11Li #Egz 34.16 te menm rive fè bati tanp pou zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida pèdi wout li.
12Se #1 Wa 17.1; 2 Kwo 14.2-5; 17.3 konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di:
— Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou. 13Ou #1 Wa 12.28-30; 2 Kwo 21.4 te pito swiv egzanp wa Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou, pwòp pitit papa yo, ki te pi bon pase ou. 14Se poutèt sa, Senyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen. 15Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va sòti.
16#2 Kwo 17.11; 22.1 sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letyopi yo. Senyè a fè yo vin atake Joram. 17Yo #2 Kwo 22.1,6; 25.23 anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a.
18Apre sa, Senyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pat ka geri. 19Pandan #2 Kwo 16.14; Tra 1.18 dezan, maladi a t'ap minen li. Trip li soti deyò, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa te boule lansan pou li jan yo te fè li pou zansèt li yo. 20Joram #2 Wa 8.24; 2 Kwo 21.5; 24.25; 28.27; Jer 22.18 te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pèsonn pat pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l nan lavil David la, men yo pa mete l nan tonm wa yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte