2 Kwonik 16

16
Kont peyi Jida ak peyi Izrayèl
(1 Wa 15.16-22)
1Wa Asa te gen trannsenkan depi #1 Wa 15.17-22 li #1 Wa 16.8; 2 Kwo 15.9 t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l sòlda pa l pou anpeche moun Asa yo pase antre sòti nan peyi Jida. 2Lè wa Asa wè sa, li pran bagay lò ak bagay lajan ki te nan Tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo bay kèk moun pa li, li voye yo kote Bennadad, wa Siri ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a:
3— Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè li a. Men mwen voye bagay lò ak bagay lajan sa yo fè ou kado. Koulyeya, kase kontra ou pase ak Bacha, wa Izrayèl la. Konsa, l'a sètoblije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.
4Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl-Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo. 5Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda li te kite nan lavil Rama yo, li sispann travay li t'ap fè pou ranfòse miray lavil la. 6Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama a. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray lavil Mispa ak miray lavil Gibeya.
Istwa pwofèt Anani
7#1 Wa 16.1; 2 Kwo 19.2; Eza 31.1; Jer 17.5 sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l konsa:
— Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Senyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou. 8Eske #2 Kwo 12.3; 14.9 moun Letyopi yo ak moun Libi yo ansanm pat fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Senyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li. 9Senyè a #1 Sam 13.13; 1 Wa 8.61; 15.16,32; Pwo 15.3; Zak 4.10; Eb 4.13 ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.
10Koze #2 Kwo 18.26 sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.
Lanmò Asa
(1 Wa 15.23-24)
11Tou #1 Wa 15.23,24 sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo. 12Asa te gen trantnevan depi li te wa lè yon gwo maladi rann li enfim. Malgre sa, olye l'al chache gerizon nan men Senyè a, li pito al kay doktè. 13Lè li mouri, li t'ap mache sou karanteyennan depi li te wa. 14Yo #2 Kwo 21.19; Jer 34.5; Mak 16.1; Jan 19.39,40 antere l nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte