2 Kwonik 12

12
Chichak anvayi peyi Jida
(1 Wa 14.21-31)
1Lè Woboram fin chita gouvènman #1 Wa 14.22-24; 2 Kwo 11.17; 26.16 li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Senyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou. 2Paske #1 Wa 11.40; 14.25 moun yo te vire do bay Senyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne reny wa Woboram, 3avèk mildesan (1.200) cha lagè, swasantmil (60.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pat ka konte ki te moute avè l sòti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letyopi nan lame a. 4Li #2 Kwo 11.5-12 pran tout vil ak gwo ranpa peyi Jida yo jouk rive Jerizalèm. 5Chichak #2 Kwo 11.2; 15.2 t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa:
— Men sa Senyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak.
6Wa a #Egz 9.27 ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal:
— Senyè a gen rezon l nan pla men l!
7#1 Wa 21.29; 2 Kwo 7.14; 34.25 Senyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l konsa:
— Paske yo rekonèt yo pat dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m fache sou yo. 8Men, #Det 28.47,48; Eza 26.13 Chichak pral fè yo soumèt devan l. Lè sa a, y'a wè sèvi m ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous.
9Wa #1 Wa 14.25-28 Chichak #2 Kwo 9.15,16 atake Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj lò Salomon te fè fè yo. 10Fwa sa a, Wa Wobowam fè fè gwo plak pwotèj kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo bay chèf gad ki t'ap fè pòs nan palè a. 11Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè l ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo.
12Paske Woboram te rekonèt li pat dwe fè sa l te fè a devan Senyè a, kòlè Senyè a bese, li pa fini nèt avè l. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.
13Woboram #1 Wa 14.21 te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Senyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 14Woboram te fè sa ki mal, paske li pat chache fè volonte Senyè a.
15Tou #1 Wa 12.22; 14.30; 2 Kwo 9.29; 13.22 sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 16#1 Wa 14.31 Woboram mouri, yo antere l nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fòtèy la.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte