2 Kwonik 11

11
Mesay pwofèt Chemaya
(1 Wa 12.21-24)
1Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li #1 Wa 12.21-24 sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l mete yo anba lòd li ankò. 2Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l konsa:
3— Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa: 4Men mesay mwen menm Senyè a, mwen voye ba yo: Piga n'al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l konsa.
Moun yo koute lòd Senyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.
Woboram chita pouvwa li
5Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo. 6Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa, 7Bèt-Sou, Soko, Adoulam, 8Gat, Marecha, Zif, 9Adorayim, Lakis, Aseka, 10Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa, se vil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen. 11Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven. 12Lèfini, nan chak vil, li distribye gwo plak pwotèj ak fwenn ankantite. Vil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Wobowam te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite li.
Prèt yo ak moun Levi yo vin jwenn Woboram
13Prèt yo ak moun Levi yo sòti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram. 14Moun #Nonb 35.2; 2 Kwo 13.9 Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Senyè a. 15Jewoboram #Lev 17.7; 1 Wa 12.28,31; 13.33 te chwazi prèt pa l pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo. 16Nan #2 Kwo 15.9 tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Senyè a, Bondye zansèt yo a. 17Sa #2 Kwo 12.1 te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou reny wa David ak wa Salomon.
Fanmi Woboram
18Woboram #1 Sam 16.6 te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi. 19Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram. 20Apre #1 Wa 14.31; 15.2; 2 Kwo 13.2 sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit. 21Wobowam #Det 17.17 te gen antou dizwit madan marye ak swasant mètrès. Li te fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye ak mètrès li yo, se Maka, pitit fi Absalon an li te pi renmen. 22Konsa #Det 21.15-17 tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l chèf tout frè l yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri. 23Li te fè lide bay chak pitit gason l yo yon reskonsabilite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo povizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte