Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. Se sa ki ekri nan Liv la: Kote bèt la mare a, se la pou li manje. Ou ankò: Ouvriye merite salè li. Pa kite pèsonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esèpte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li. Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè. Devan Bondye, devan Jezikri ak devan tout zanj li chwazi yo, men sa m'ap mande ou angras: Swiv lòd sa yo san patipri, ni nan mounpa.
Li 1 Timote 5
Koute 1 Timote 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Timote 5:17-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo