Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. Se yon sèl Bondye ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò. Se Jezikri. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. Se poutèt sa, li voye m kòm apòt pou m anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.
Li 1 Timote 2
Koute 1 Timote 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Timote 2:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo