1 Timote 2:1-7
1 Timote 2:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. Se yon sèl Bondye ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò. Se Jezikri. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. Se poutèt sa, li voye m kòm apòt pou m anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.
1 Timote 2:1-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Avant tout, je recommande ceci : il faut faire des demandes à Dieu, le prier, le supplier et le remercier pour tous les êtres humains. Il faut prier pour ceux qui nous gouvernent et pour toutes les autorités. Alors nous pourrons mener une vie calme et tranquille en étant fidèles à Dieu et en nous conduisant bien. Voilà ce qui est beau et ce qui plaît à Dieu notre Sauveur. Il veut que tous soient sauvés et arrivent à connaître la vérité. En effet, il y a un seul Dieu. Il y a aussi un seul intermédiaire entre Dieu et les êtres humains : c’est un être humain, le Christ Jésus, qui a donné sa vie pour libérer tous les humains. C’est là le témoignage que le Christ a donné au moment fixé par Dieu. Et c’est à cause de ce témoignage que Dieu a fait de moi un messager et un apôtre. Il m’a chargé d’enseigner aux non-Juifs ce qu’il faut croire et ce qui est vrai. Je dis la vérité, je ne mens pas.
1 Timote 2:1-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi. Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun. Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa. Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.
1 Timote 2:1-7 New International Version (NIV)
I urge, then, first of all, that petitions, prayers, intercession and thanksgiving be made for all people— for kings and all those in authority, that we may live peaceful and quiet lives in all godliness and holiness. This is good, and pleases God our Savior, who wants all people to be saved and to come to a knowledge of the truth. For there is one God and one mediator between God and mankind, the man Christ Jesus, who gave himself as a ransom for all people. This has now been witnessed to at the proper time. And for this purpose I was appointed a herald and an apostle—I am telling the truth, I am not lying—and a true and faithful teacher of the Gentiles.
1 Timote 2:1-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je recommande en tout premier lieu que l’on adresse à Dieu des demandes, des prières, des supplications et des remerciements pour tous les hommes. Que l’on prie pour les rois et pour tous ceux qui sont au pouvoir, afin que nous puissions mener, à l’abri de toute violence et dans la paix, une vie qui exprime, dans tous ses aspects, notre piété et qui commande le respect. Voilà ce qui est bien devant Dieu, notre Sauveur, ce qu’il approuve. Car il veut que tous les hommes soient sauvés et parviennent à la connaissance de la vérité. En effet, il y a un seul Dieu, et de même aussi un seul médiateur entre Dieu et les hommes, un homme : Jésus-Christ. Il a offert sa vie en rançon pour tous. Tel est le témoignage qui a été rendu au moment voulu. C’est pour publier ce témoignage que j’ai été institué prédicateur et apôtre (je dis la vérité, je ne mens pas), pour enseigner aux non-Juifs ce qui concerne la foi et la vérité.