1 Timote 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon #Kol 1.27 lòd Bondye, Sovè nou, epi dapre volonte Jezikri, sèl esperans nou. 2M'ap #Tit 1.4 ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri Senyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
Avètisman kont fo doktrin yo
3Se #Tra 20.1 pou ou rete Efèz jan mwen te mande ou la lè mwen t'ap pati pou Masedwàn nan. Paske gen kèk moun nan vil sa a k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a. 4Di #1 Tim 4.7 yo pou yo wete lide yo sou vye lejann san sans, sou lis non zansèt byen long. Bagay sa yo lakòz yon bann vye diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a jan nou konnen li an, gremesi lafwa a. 5W'ap #Wòm 13.10; Gal 5.6 ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki sòti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. 6Gen #1 Tim 6.4,20 ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans. 7Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan kèsyon y'ap defann lan.
8Nou #Wòm 7.12 konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l jan ou dwe sèvi avè l la. 9Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, 10pou #1 Tim 6.3 moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an. 11Verite #1 Tim 6.15 sa a, nou jwenn li nan bèl mesay Bondye te mete m reskonsab pou anonse a. Se bòn nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.
Pòl ap di Bondye mèsi
12M'ap #Tra 9.15; 1 Kor 15.9,10; Gal 1.13-16 remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li, 13atout nan tan lontan mwen te konn pale l mal, mwen te pèsekite l, mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pat gen konfyans nan li. Konsa, mwen pat konnen sa m t'ap fè. 14Jezikri, Senyè nou, fè m anpil favè: li fè m gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la. 15Sa #Lik 15.2; 19.10 se yon pawòl sèten, li merite pou nou fè li tout konfyans: Jezikri te vini sou latè pou sove lèzòm, pou mwen menm anpremye ki pi gwo pechè a. 16Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 17Se #Wòm 16.27 poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn.
18Timote, #1 Tim 6.12; Jid 1.3 pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen. 19Kenbe #1 Tim 3.9; 6.10 fèm nan Bondye, rete ak konsyans ou anpè. Gen moun ki derefize koute konsyans yo. Se poutèt sa, yo winen konfyans yo. 20Pami #2 Tim 2.17; 1 Kor 5.5 yo, gen Imene ak Aleksann. Mwen lage yo bay satan pou yo aprann korije lang yo devan Bondye.

Chwazi Kounye ya:

1 Timote 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte