1 Timote 1:12-20

1 Timote 1:12-20 HAT98

M'ap remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li, atout nan tan lontan mwen te konn pale l mal, mwen te pèsekite l, mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pat gen konfyans nan li. Konsa, mwen pat konnen sa m t'ap fè. Jezikri, Senyè nou, fè m anpil favè: li fè m gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la. Sa se yon pawòl sèten, li merite pou nou fè li tout konfyans: Jezikri te vini sou latè pou sove lèzòm, pou mwen menm anpremye ki pi gwo pechè a. Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Se poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn. Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen. Kenbe fèm nan Bondye, rete ak konsyans ou anpè. Gen moun ki derefize koute konsyans yo. Se poutèt sa, yo winen konfyans yo. Pami yo, gen Imene ak Aleksann. Mwen lage yo bay satan pou yo aprann korije lang yo devan Bondye.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an