1 Samyèl 3:1-14

1 Samyèl 3:1-14 HAT98

Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Senyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pat fasil pou Senyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Senyè a te fè moun wè l. Je Eli te fin bese. Li pa te menm ka wè. Yon jou aswè, Eli t'ap dòmi nan chanm li. Samyèl menm te kouche nan Tanp Senyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou. Senyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: — Men mwen wi! Epi li leve, l'al jwenn Eli, li di l: — Men mwen wi! M tande ou rele m! Eli reponn li: — Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche. Senyè a rele l ankò. Samyèl leve, l'al jwenn Eli, li di l: — Men mwen wi! Mwen tande ou rele m! Men, Eli reponn li: — Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande! Samyèl pat ankò konnen Senyè a paske Senyè a pat ankò janm pale avè l anvan sa. Senyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l'al jwenn Eli, epi li di l: — Mwen tande ou rele m. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Senyè a ki t'ap rele ti gason an. Li di Samyèl konsa: — Ale kouche monchè! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a di: Pale non, Senyè! Men sèvitè ou ap koute! Samyèl ale vre, li kouche nan kabann li. Senyè a vini, li kanpe epi li rele li jan li te fè anvan an: — Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: — Pale non! Men sèvitè ou ap koute ou! Senyè a di l konsa: — Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi. Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l yo pral rive vre san manke yonn. Mwen te di l mwen ta pral pini fanmi l lan yon sèl kou pou m fini ak yo poutèt pitit gason l yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen. Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen okenn bèt yo ka touye ni okenn ofrann ki ka fè m padonnen peche yo fè a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an