1 Samyèl 29

29
Moun Filisti pa fye David
1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo #1 Sam 4.1; 28.1 nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la. 2Senk #Joz 13.3; 1 Sam 28.1,2 chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l yo ansanm ak Akich. 3Lòt #1 Sam 27.7,12 chèf moun Filisti yo di konsa:
— Sa bann ebre sa yo ap fè la a?
Akich reponn yo:
— Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m repwoche l jouk jounen jòdi a.
4Men, #1 Sam 14.21; 27.6; 30.1 lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l konsa:
— Voye nonm sa a ale. Fè l tounen nan lavil ou te ba li pou l rete a. Pa kite l al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l yon bèl okazyon pou l touye moun nou yo, epi pou l byen ankò ak mèt li. 5Lèfini, #1 Sam 18.7; 21.11 fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa:
Sayil desann mil.
David desann dimil.
6Akich #1 Sam 20.3 rele David, li di l konsa:
— Mwen pran Senyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m. Se ta tout plezi m pou m ta toujou wè ou la avè m nan tout antre sòti m nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans. 7Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande!
8David reponn li:
— Men, mèt mwen, kisa m fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo?
9Akich #2 Sam 14.17,20; 19.27 reponn David:
— Ou pa bezwen di m anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la. 10Kounyeya, David, #1 Kwo 12.19,22 denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou.
11Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte