1 Samyèl 24

24
David refize touye Sayil
1Lè Sayil tounen sòti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l David te nan dezè Angedi a. 2Sayil #1 Sam 26.2 pran twamil (3000) sòlda nan pèp Izrayèl la, sa ki te fò anpil nan fè lagè. Epi li pati al chache David ak mesye l yo sou solèy leve Wòch Kabrit mawon yo. 3Li #Jij 3.24 rive devan yon gwòt ki te toupre yon pak mouton bò wout la. Li antre nan gwòt la al fè bezwen li. David menm te kache nan fon gwòt la ansanm ak mesye l yo. 4Mesye #Jij 4.14; 1 Sam 26.8 yo di David konsa:
— Men chans ou, men okazyon Senyè a te di l'ap ba ou a. Senyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l.
David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa. 5Men #2 Sam 24.10 apre sa, konsyans David repwoche l pou ke rad Sayil li te koupe a. 6Li #1 Sam 12.3; 26.9,11 di moun li yo:
— Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Senyè a menm ki te chwazi l pou wa.
7David #Mat 5.44; Wòm 12.17 pale ak mesye l yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen.
Sayil leve, li sòti nan gwòt la, li mache al fè wout li. 8Lè sa a, David sòti dèyè l, li rele l:
— Monwa! Monwa!
Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 9Epi li di:
— Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou? 10Gade, #1 Sam 24.4; 2 Sam 1.14 jòdi a ou wè ak je ou ki jan Senyè a te lage ou nan men m anndan gwòt la. Gen moun ki di m se pou m te touye ou. Men, kè m fè m mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m sou mèt mwen, paske se Senyè a menm ki te chwazi ou pou wa. 11Gade, #Sòm 7.3 papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pat touye ou. Kounyeya ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen okenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m. 12Se #Jen 16.5; Jij 11.27; Wòm 12.19 pou Senyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Senyè a pini ou pou sa w'ap fè m la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m sou ou. 13Jan pwovèb la di li a: “Si pa gen machan, p'ap gen mechanste”! Men mwen menm, mwen p'ap leve men sou ou. 14Dèyè #1 Sam 26.20; 2 Sam 9.8 ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis? 15Senyè a #1 Sam 25.39; Sòm 35.1; 43.1; 119.154; Jer 50.34 va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l mete bouch nan zafè a, pou l pran defans mwen, pou l delivre m anba men ou.
16#1 Sam 26.17 David fin pale, Sayil di:
— Se pa vwa David, pitit gason m lan, sa?
Epi li pran kriye. 17Li #Jen 38.26; 1 Sam 26.21; 1 Pyè 3.9 di David konsa:
— Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m. Se mwen menm ki te aji mal avè ou. 18Jòdi a ankò, ou fè m wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Senyè a lage m nan men ou, ou pa touye m. 19#Mat 5.43,44 yon moun jwenn okazyon pou l mete men l sou lènmi l, eske l'ap kite l al fè wout li san li pa fè l anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a. 20Kounyeya, mwen #1 Sam 23.17 konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm. 21Men #Jen 21.23; 2 Sam 21.7,8 tanpri, pwomèt mwen, nan non Senyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m pa disparèt nan fanmi papa m.
22David #1 Sam 23.29 pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 24: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte