Mesye yo di David konsa: — Men chans ou, men okazyon Senyè a te di l'ap ba ou a. Senyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa. Men apre sa, konsyans David repwoche l pou ke rad Sayil li te koupe a. Li di moun li yo: — Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Senyè a menm ki te chwazi l pou wa. David pale ak mesye l yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li sòti nan gwòt la, li mache al fè wout li. Lè sa a, David sòti dèyè l, li rele l: — Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.
Li 1 Samyèl 24
Koute 1 Samyèl 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 24:4-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo