Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t'al atake lavil Keyila, yo t'ap vòlò tout rekòt moun yo te gen ap cheche sou glasi. Lè sa a, David al mande Senyè a: — Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Senyè a di David: — Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila. Men, moun David yo di l konsa: — Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n'al lavil Keyila pou n goumen ak lame moun Filisti yo. David tounen al pale ak Senyè a ankò. Senyè a reponn li: — Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou. Se konsa, David mache sou lavil Keyila avèk tout moun ki te avè l yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo.
Li 1 Samyèl 23
Koute 1 Samyèl 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 23:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo