Lè ti gason an fin ale, David sòti dèyè pil wòch la, li lage kò l atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan. Apre sa, Jonatan di David konsa: — Ale ak kè poze. Nou te sèmante devan Senyè a pou nou toujou ret zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou ret zanmi tou. Lè sa a, David leve, l'al fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
Li 1 Samyèl 20
Koute 1 Samyèl 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 20:41-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo