Jonatan di li: — Ann al deyò nan jaden yo. Epi yo tou de sòti, y'al nan jaden yo. Lèfini, Jonatan di David konsa: — Mwen pran Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen okenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou. Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Senyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m. Bon, kounyeya menm, si lè sa a mwen pako mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m devan Bondye a. Pa lage m. Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Senyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè, piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l, se pou Bondye pini ou. Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l, paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.
Li 1 Samyèl 20
Koute 1 Samyèl 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 20:11-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo