1 Samyèl 19

19
Sayil sòti pou l touye David
1Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil. 2Li #1 Sam 18.1 fè David konnen sa. Li di l:
— Sayil, papa m, ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa sòti menm. 3Mwen menm, m'ap sòti, mwen pral jwenn papa m nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l reponn mwen, m'a fè ou konnen.
4Jonatan #1 Sam 24.11 t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l, li t'ap di konsa:
— Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou. 5Li #Jij 12.3; 1 Sam 11.13; 17.49,50; 28.21; Mat 27.4 riske lavi li lè l'al touye sòlda Filisti a. Se konsa Senyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa kounyeya ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l pa fè anyen?
6Sayil #Rit 3.13 koute Jonatan, li fè sèman, li di li:
— Mwen sèmante devan Senyè vivan an, yo p'ap touye David.
7Jonatan #1 Sam 16.21; 18.2 rele David, li rapòte l tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an.
8Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li.
9Yon #1 Sam 16.14,16 jou, Senyè a voye yon movezespri sou Sayil. Sayil te chita lakay li, fwenn li kenbe nan men li. David menm t'ap jwe mizik. 10Sayil #1 Sam 18.11; 20.33 t'ap chache kloure David sou mi kay la ak fwenn lan, men David te eskive kò li, epi fwenn nan al antre plante nan miray la. David kouri chape poul li.
Menm jou sa a, nan mitan lannwit, 11Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l nan maten. Men, Mikal, madanm David, avèti mari l. Li di l:
— Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri.
12Li #Joz 2.15; Tra 9.24,25; 2 Kor 11.33 fè David sòti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l. 13#Jen 31.19 sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l kouche sou kabann lan, li pran yon zoreye fèt ak plim kabrit, li mete l nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra. 14Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad. 15Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y'al wè David ak je yo. Li di yo:
— Mennen l isit ban mwen ak tout kabann li an pou m fè touye l.
16Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a. 17Sayil di Mikal konsa:
— Poukisa ou woule m konsa? Ou kite lènmi mwen an chape.
Mikal reponn li:
— Li te di m si m pa kite l chape, l'ap touye m!
David al kache kay Samyèl
18David #1 Sam 1.19 menm kouri chape kò l, l'al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l tou sa Sayil te fè l. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y'ale rete lavil Najòt. 19Y'al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a. 20Sayil #Nonb 11.25; 1 Sam 10.10; Jowèl 2.28 voye kèk moun al arete l. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè mim bagay ak pwofèt yo. 21Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo. 22Lè sa a, Sayil leve, l'ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l yo lavil Najòt nan zòn Rama a. 23Li #1 Sam 10.5,6,10-12; Mi 1.8 pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a. 24Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil genlè pwofèt tou?

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an